Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TOUDEGAD No 1 2023 | Sante mantal — Èd Bib la bay

Toupatou sou tè a, pwoblèm sante mantal lakòz plizyè milyon moun ap soufri. Jèn kou granmoun, kèlkeswa mwayen ekonomik yo ak nivo edikasyon yo, kèlkeswa gwoup etnik yo ak relijyon yo, y ap fè fas ak sentòm ki bay kè kase. Ki sa maladi mantal yo ye, e ki efè yo gen sou moun? Peryodik sa a pral pale sou enpòtans yon bon tretman medikal genyen ak divès fason pratik Bib la ka ede.

 

Pwoblèm sante mantal, yon kriz ki gaye toupatou

Twoub mantal ka afekte moun tout laj oswa tout kalite moun. Gade ki jan konsèy ki nan Bib la ka pote byenfè pou sante mantal ou.

Bondye gen sousi pou ou

Poukisa w ka gen konviksyon Jewova Dye konprann panse w yo ak santiman w yo pi byen pase nenpòt lòt moun?

1 | Lapriyè — “Lage tout tètchaje nou genyen sou li”

Èske w ka priye Bondye konsènan kèlkeswa panse oswa enkyetid k ap twouble w? Ki jan lapriyè ka pote byenfè pou moun k ap soufri ak enkyetid?

2 | “Konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo”

Mesaj ki nan Bib la bay bonjan espwa santiman ki bay lapenn yo pral disparèt talè konsa.

3 | Byenfè nou jwenn nan egzanp moun ki nan Bib la

Istwa gason ak fi ki nan Bib la ki te konn santi yo menm jan avèk nou ka ede nou santi nou pa poukont nou nèt lè n ap fè fas ak santiman ki twouble nou yo.

4 | Konsèy pratik Bib la bay

Gade ki jan lè w reflechi sou vèsè nan Bib la ak lè w fikse objektif ou ka atenn sa ka ede w fè fas ak pwoblèm sante mantal ou yo.

Fason nou ka ede moun k ap goumen ak pwoblèm sante mantal

Lè w ofri èd ou sa ka fè yon diferans pou yon zanmi k ap soufri ak maladi mantal.