Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Bondye gen sousi pou ou

Bondye gen sousi pou ou

BIB la se pi bon sous konsèy espirityèl ki disponib. Se pa yon liv sou swen sante, men, li ka ede nou nan divès fason pratik pou n jere sikonstans ki difisil yo, panse ki twouble n yo, santiman ki fè n lapenn yo, pwoblèm fizik ak pwoblèm sante mantal k ap trakase nou yo.

Sa k pi enpòtan an, Bib la ban nou asirans Kreyatè nou an, Jewova Dye, a konprann panse ak santiman nou yo pi byen pase nenpòt lòt moun. Li gen gwo anvi pou l ede nou fè fas ak pwoblèm nou yo. Ann egzamine pa egzanp, de vèsè nan Bib la ki bay rekonfò:

“Jewova toupre moun kè yo ap fann, li sove moun ki gen lespri yo kraze.” — SÒM 34:18.

“Mwen menm, Jewova, Bondye w la, mwen kenbe men dwat ou, e mwen se Sila a k ap di w: ‘Ou pa bezwen pè, m ap ede w.’” — EZAYI 41:13.

Men, ki jan Jewova ede nou fè fas ak pwoblèm sante mantal yo? Jan nou pral wè sa nan atik ki annapre yo, Jewova montre li vrèman gen sousi pou nou lè l ede nou nan anpil domèn.

a Jewova se non Bondye. — Sòm 83:18.