Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

FASON POU NOU KASE CHENN LAHÈN NAN

4 | Nou ka pote laviktwa sou lahèn grasa èd bondye

4 | Nou ka pote laviktwa sou lahèn grasa èd bondye

Sa Bib la anseye:

“Fwi lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, byenveyans, bonte, lafwa, dousè, metriz.”  GALAT 5:22, 23.

Sa sa vle di:

Li posib pou nou kase chenn lahèn nan grasa èd Bondye. Lespri sen l ka ede nou pwodui yon seri kalite nou pa t ap janm ka posede poukont nou. Kidonk, olye n ap eseye venk lahèn ak pwòp fòs nou, n ap fè pi byen si nou konte sou èd Bondye bay la. Si nou fè sa, n ap ka fè menm eksperyans ak apot Pòl ki te ekri: “Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan.”(Filipyen 4:13). Vrèmanvre, n ap kapab di: “Se Jewova k ap pote m sekou.” — Sòm 121:2.

Sa w ka fè:

“Jewova te chanje m, alòske m te yon moun ki vyolan, li fè m vin yon moun ki renmen lapè.” — WALDO

Priye Jewova ak tout kè w, mande l ba w lespri sen l (Lik 11:13). Mande l pou l ede w demontre kalite ki soti nan li yo nan lavi w. Etidye sa Bib la di konsènan kalite k ap kontrekare lahèn, tankou lanmou, lapè, pasyans ak metriz. Chèche wè fason w ka kiltive kalite sa yo nan lavi pa w. Epi fè zanmi ak moun k ap eseye kiltive kalite sa yo menm jan avè w. Moun sa yo ka ‘pouse w gen lanmou, pouse w fè bèl aksyon.’ — Ebre 10:24