Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 LABIB CHANJE LAVI MOUN

“Anpil moun te rayi m”

“Anpil moun te rayi m”
  • ANE LI FÈT: 1978

  • PEYI KOTE L SOTI: CHILI

  • ANVAN: MWEN TE VYOLAN ANPIL

VI MWEN T AP MENNEN:

Mwen grandi Sanntyago, kapital peyi Chili, nan yon katye kote gen moun k ap pran dwòg, gen anpil gang, e gen anpil moun k ap fè move zak. Papa m te mouri lè m te gen senk an. Apre sa, manman m te vin plase ak yon mesye ki vyolan anpil. Li te konn bat nou toule de. Jiska prezan bagay sa yo toujou gen gwo efè sou mwen nan domèn afektif.

Pandan m ap grandi, move enfliyans mwen te sibi yo te fè m vin vyolan anpil. Mwen te konn tande mizik yo rele ‘heavy-metal’ la, mwen te konn bwè anpil e pafwa m te konn pran dwòg. Toutan mwen te konn ap batay nan lari ak dilè dwòg, e plizyè fwa yo t ap chèche touye m. Yon lè, gen yon lòt gang ki te peye yon atoufè pou l touye m, m te rive chape poul mwen apre m te fin pran yon kout ponya. Nan yon lòt okazyon, gen yon gwoup dilè dwòg ki te ansèkle m e youn ladan yo te brake yon zam bò tèt mwen e yo te manke pann mwen.

An 1996, mwen te tonbe damou pou yon dam ki rele Carolina e nou te marye an 1998. Apre sa nou te fè yon premye pitit gason. Nan moman sa a, mwen te pè anpil akoz tanperaman vyolan mwen te genyen an, paske m te vin tankou bòpè m e m t ap maltrete fanmi m. Se sa k fè, mwen t al chèche èd nan yon sant kote yo reyabilite moun ki gen pwoblèm sa yo. Yo te ban m medikaman e yo te fè terapi pou mwen. Men malgre sa, mwen te toujou an kòlè pou ti krik ti krak. Mwen te pèdi kontwòl tèt mwen. Pou m te ka sispann fè moun nan fanmi m lapèn, mwen te fè yon move bagay, mwen te manke touye tèt mwen. Erezman, mwen pa t rive fè sa.

Pandan plizyè ane, mwen pa t kwè Bondye egziste. Men kounye a mwen te vle kwè nan Bondye. Pou rezon sa a, mwen te antre nan yon relijyon potestan pandan yon tan. Nan moman sa a, madanm mwen t ap etidye Labib ak Temwen Jewova yo. Mwen te rayi Temwen Jewova yo e plizyè fwa mwen te joure yo, m te di yo mo sal. Men, yo te toujou reponn mwen byen janti, e se pa sa m te swete.

Yon jou, Carolina te mande m pou m li Sòm 83:18 nan pwòp bib mwen. Vèsè sa a di byen klè non Bondye se Jewova.  Mwen te sezi wè jan relijyon m nan fè m gen konesans sou yon dye, men li pa t aprann mwen anyen sou Jewova. Nan kòmansman ane 2000, mwen te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo tou.

FASON LABIB CHANJE LAVI M:

Kòm mwen t ap pwogrese, mwen te jwenn rekonfò lè m te aprann Jewova se yon Bondye ki gen konpasyon e li konn padone moun. Pa egzanp, nan Egzòd 34:6, 7, Bib la pale de Jewova kòm ‘yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p’ap janm sispann renmen, l’ap toujou kenbe pawòl li. L’ap kenbe pwomès li pou tout tan jouk sou mil jenerasyon, de pitit an pitit. L’ap toujou padone sa nou fè ki mal’.

Malgre sa, li pa t fasil pou m aplike sa m t ap aprann yo. Mwen te kwè m pa t ap janm rive kontwole tanperaman vyolan mwen te genyen an. Men chak fwa m te tonbe, Carolina te ankouraje m avèk amou. Li te toujou fè m sonje Jewova wè efò m ap fè yo. Madanm mwen te soutni m e sa te ban m fòs pou m kontinye fè efò pou m fè Jewova plezi, menmsi mwen te konn panse m se yon ka pèdi.

Yon jou, Alejandro, frè ki t ap etidye Labib avè m nan, te mande m pou m li Galat 5:22, 23. Vèsè sa yo di fwi lespri a se “lanmou, lajwa, lapè, pasyans, bonte, byenveyans, lafwa, dousè, metriz”. Alejandro te esplike m, se pa ak fòs pa m m ap rive kiltive kalite sa yo, men se grasa lespri sen Bondye. Verite sa a te chanje pwennvi m nèt!

Apre sa, m te asiste yon gwo kongrè Temwen Jewova yo te òganize. Lè m te wè jan yo te gen lòd, jan yo te pwòp e jan te gen inite nan mitan yo, sa te konvenk mwen m jwenn vrè relijyon an (Jan 13:34, 35). Mwen te batize an fevriye 2001.

BYENFÈ MWEN JWENN:

Jewova te chanje m, alòske m te yon moun ki vyolan, li fè m vin yon moun ki renmen lapè. M santi l te retire m nan labou m te ye a ki te tankou yon pyèj pou mwen. Te gen anpil moun ki rayi m, e m pa t blame yo. Sepandan, kounye a, m pran plezi pou m sèvi Jewova nan lapè ansanm ak madanm mwen ak de pitit gason m yo.

Fanmi m ak ansyen zanmi pa t ka kwè jan m te vin chanje. Konsa, anpil nan yo te vin enterese aprann verite ki nan Bib la. Anplis de sa, m gen privilèj pou m ede lòt moun aprann konnen Jewova. Se pa ti kè kontan sa bay lè m wè jan Bib la chanje lavi moun sa yo tou!