Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mwen menm ak madanm mwen, Tabitha, k ap preche.

LABIB CHANJE LAVI MOUN

Mwen pa t kwè Bondye egziste

Mwen pa t kwè Bondye egziste
  • ANE LI FÈT: 1974

  • PEYI KOTE LI SOTI: REPIBLIK DEMOKRATIK ALMAN

  • ANVAN: LI PA T KWÈ BONDYE EGZISTE

VI MWEN T AP MENNEN

Mwen te fèt nan vil Saks nan Repiblik demokratik alman an. Te gen yon bon anbyans nan kay la, e paran m te anseye m yon seri bon prensip. Peyi m te ye a te yon Eta kominis, donk, pifò moun nan vil Saks pa t bay relijyon regle anyen pou yo. E mwen menm, mwen pa t kwè Bondye egziste. Te gen de bagay ki te gide m pandan 18 premye ane nan lavi m: Pa kwè nan Bondye ak mouvman kominis la.

Sa k fè mouvman kominis la te enterese m? Se paske mwen te renmen ide pou tout moun egalego a. Mete sou sa, mwen te kwè si yo distribye byen yo yon fason ki jis, sa t ap fini ak koze enpe moun rich anpil anpil e enpe moun pòv anpil anpil. Se sa k fè, mwen te antre nan yon òganizasyon kominis jèn yo te fè. Lè m te gen 14 an, mwen te pase anpil tan ap travay nan yon pwojè pou anviwònman kote yo te konn pran sachè ki te deja sèvi pou fè yo vin nèf ankò. Otorite nan vil Aue te tèlman kontan pou travay mwen fè, yo te ban m yon rekonpans. Byenke mwen te jèn, mwen te konn anpil gwo politisyen nan peyi a. Mwen te santi m t ap pousuiv bon objektif la, e mwen te gen yon bèl avni devan m.

Men, bridsoukou, tout bagay te vin chanje. Nan ane 1989, miray Bèlen an te tonbe, sa ki te tou fini ak kesyon kominis lan nan Ewòp delès. Mwen te vin pran lòt chòk ankò. Mwen te dekouvri kesyon enjistis la te yon bagay ki gaye nan peyi a. Pa egzanp, moun ki kominis yo te konn trete moun ki pa t ap soutni mouvman kominis la kòm moun ki pa gen enpòtans. M pa t ka konprann sa! Èske moun ki kominis yo pa kwè tout moun egal? Èske ide mouvman kominis la se te jis yon rèv? Sa te ban m anpil pwoblèm.

Donk, mwen te chanje objektif, mwen te vin enterese anpil nan mizik ak desen. Kòm mwen te vin gen posiblite pou m al etidye nan yon akademi mizik, epi annapre, pou m al nan inivèsite, mwen te gen rèv pou m fè karyè nan mizik ak nan desen. Mete sou sa, mwen te abandone tout prensip moral mwen te aprann lè m te piti yo. Sa k te pi enpòtan pou mwen nan moman sa a, se te pran plezi m, pa egzanp, gen plizyè mennaj alafwa. Men, ni mizik ni fè desen ni gen yon vi lib pa t retire pwoblèm mwen yo. Menm desen m te konn fè yo te montre jis nan ki pwen mwen enkyè. Ki sa demen sere pou nou? Poukisa nou la?

Lè mwen te resi jwenn repons mwen t ap chèche yo, mwen te vrèman sezi. Yon jou swa, pandan mwen te nan akademi an, mwen menm ak yon gwoup elèv t ap pale sou lavni. Mandy *, youn nan elèv yo, te yon Temwen Jewova. Jou swa sa a, li te ban m yon bon konsèy. Men sa li te di m: “Andreas, si w vle jwenn repons sou kesyon w genyen sou lavi a ak lavni, pran san w pou w li Bib la.”

Mwen pa t fin kwè sa l te di m nan, men mwen te deside al gade nan Bib la pou m wè si m t ap jwenn repons yo vre. Mandy te voye m al li Dànyèl chapit 2, e sa m te li a te fè m sezi anpil. Pwofesi sa a te dekri yon seri gwo pisans mondyal ak gouvènman ki t ap gen gwo enfliyans sou nou jodi a. Mandy te montre m lòt pwofesi ankò ki gen rapò ak sa demen sere pou nou. Mwen te resi jwenn repons kesyon m yo! Men, kiyès ki te ekri pwofesi sa yo? E kiyès ki te ka predi lavni yon fason ki egzak konsa? Èske petèt Bondye egziste vre?

FASON LABIB CHANJE LAVI M

Mandy te mete m an kontak ak Horst ansanm ak Angelika, yon koup Temwen, ki te ede m konprann Bib la pi byen. Mwen pa t pran tan pou m vin wè Temwen Jewova yo se sèl relijyon ki toujou itilize non Bondye e ki toujou fè lòt moun konnen non sa a se Jewova (Sòm 83:18; Matye 6:9). Mwen te aprann Jewova bay lèzòm posiblite pou yo viv pou toutan nan yon paradi sou tè a. Sòm 37:9 di: “Moun ki mete espwa yo nan Jewova ap posede tè a.” Mwen te kontan aprann tout moun k ap fè efò pou yo suiv prensip Bondye yo nan fason y ap viv gen posiblite pou yo viv sou tè a pou toutan, jan Bib la di sa.

Sepandan, mwen te fè anpil efò pou fason m ap viv vin ann amoni ak sa Bib la di. Lefètke mwen te reyisi antanke atis, sa te fè m vin gen ògèy, donk, premye bagay mwen te bezwen fè se aprann gen imilite. Anplis de sa, li pa t fasil pou m kite vi imoral mwen t ap mennen an. Se pa ti rekonesan mwen rekonesan dèske Jewova montre li gen pasyans, mizèrikòd, e li konprann tout moun k ap fè tout sa yo kapab pou yo aplike sa yo aprann nan Bib la!

Mwen te fè 18 premye ane lavi m yo ap suiv mouvman kominis la e m pa t kwè nan Bondye. Men, Bib la pa sispann chanje lavi m apre 18 an sa yo. Sa m aprann yo ede m sispann enkyete m konsènan lavni, e yo fè m gen yon objektif nan lavi a. Nan ane 1993, mwen te batize antanke Temwen Jewova, e mwen te marye nan ane 2000 ak Tabitha, yon Temwen Jewova ki renmen preche anpil. Nou fè tout sa n kapab pou n ede lòt moun konnen sa k nan Bib la. Anpil nan moun nou rankontre yo menm jan m te ye a, se mouvman kominis la ak ide pa kwè nan Bondye a ki gide yo tou. Se pa ti kontan mwen kontan lè m ede yo aprann konnen Jewova!

BYENFÈ MWEN JWENN

Lè m te kòmanse pran kontak ak Temwen Jewova yo, paran m yo te fache anpil. Men, annapre, yo te vin wè bon efè sa genyen sou lavi m. Mwen kontan wè kounye a yo li Labib e yo asiste reyinyon Temwen Jewova yo.

Mwen menm ak Tabitha gen kè kontan nan maryaj nou paske nou fè tout sa n kapab pou n aplike prensip Bib la bay pou moun marye yo. Pa egzanp, youn nan bagay ki fè maryaj nou vin pi solid se lè nou suiv konsèy Bib la bay pou moun marye yo rete fidèl youn ak lòt. — Ebre 13:4.

Kounye a, mwen pa pè e m pa enkyete pou lavni ankò. Mwen santi m fè pati yon fanmi kote m gen frè ak sè toupatou sou tè a, yon fanmi ki gen lapè ak tèt ansanm toutbon. Nan fanmi sa a, nou tout egal. Se te yon bagay mwen te kwè ladan l e mwen te toujou swete jwenn nan lavi m.

^ § 12 Yo chanje non moun nan.