Sòm 37​:​1-40

  • Bagay yo ap byen mache pou moun ki fè Jewova konfyans

    • Pinga w fache akoz moun k ap fè mechanste yo (1)

    • “Pran tout plezi w nan Jewova” (4)

    • “Kite Jewova dirije wout ou” (5)

    • “Moun ki gen imilite yo ap posede tè a” (11)

    • Moun ki jis la pap nan mande charite (25)

    • Moun ki jis yo ap viv sou tè a pou toutan (29)

Yon chante David te ekri. א [Alèf] 37  Pinga w fache* poutèt moun k ap fè mechanste yoNi pinga w rayi sò moun k ap fè sa ki mal yo+.   Y ap fennen byen vit tankou zèb+,Y ap seche tankou zèb vèt. ב [Bèt]   Mete konfyans ou nan Jewova epi fè sa ki bon+.Abite sou tè a*, epi aji avèk fidelite+.   Pran tout plezi w* nan JewovaE l ap ba ou tout sa w swete nan kè w. ג [Gimèl]   Kite Jewova dirije wout ou*+.Met konfyans ou nan li e li menm l ap ede w+.   L ap fè jistis ou parèt klè tankou limyè,L ap fè jistis ou parèt klè tankou solèy midi. ד [Dalèt]   Ret an silans devan Jewova+,Ret tann li ak espwa l ap ede w*.Pinga w fache lè yon mounReyalize move plan li gen nan tèt li+. ה [He]   Pinga w fè kòlè, pinga w move+,Pinga w fache epi w al lage kò w nan fè sa ki mal*.   Paske, moun k ap fè mechanste yo ap disparèt+,Men moun ki mete espwa yo nan Jewova ap posede tè a+. ו [Waw] 10  Talè konsa, mechan yo pap la ankò+,W ap gade kote yo te ye yo,Ou pap jwenn yo+. 11  Men, moun ki gen imilite yo ap posede tè a+,E y ap kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total+. ז [Zayin] 12  Mechan an fè konplo sou do moun ki jis la+E l ap manje dan. 13  Men Jewova ap ri l,Paske L konnen jou pou l mouri a pa lwen+. ח [Hèt] 14  Mechan yo rale epe yo e yo pare banza* yoPou yo lage ni moun y ap toupizi yo ni pòv malere yo atèE pou yo touye moun k ap mache dwat yo. 15  Men, pwòp epe yo ap antre nan pwòp kè yo+E banza yo ap kase. ט [Tèt] 16  Ti sa moun ki jis la posede a pi bonPase pakèt bagay mechan yo posede yo+. 17  Bra mechan yo ap kase,Men, Jewova ap soutni moun ki jis yo. י [Yòd] 18  Jewova konnen sa moun ki san repwòch yo ap pase*.Eritaj yo a ap la pou toutan+. 19  Lawont pap tonbe sou yo lè yo nan pwoblèm,Lè gen grangou, y ap gen manje an kantite. כ [Kaf] 20  Men, mechan yo ap peri+,Ènmi Jewova yo ap disparèt tankou bèl patiraj,Y ap disparèt tankou lafimen. ל [Lamèd] 21  Mechan an prete, men li pa remèt,Men, moun ki jis la donan*, li renmen bay+. 22  Moun Bondye beni yo ap posede tè a,Men, moun li lage madichon sou yo ap peri+. מ [Mèm] 23  Lè Jewova pran plezi nan fason yon moun ye+,Li montre moun sa a kote pou l met pye l*+. 24  Moun sa a kapab bite, men li pap tonbe plat atè+Paske Jewova kenbe men l*+. נ [Noun] 25  Mwen te jèn yon lè, e kounye a mwen vin granmoun,Men, mwen pa janm wè Bondye abandone yon moun ki jis+,Ni mwen pa janm wè pitit li ap mande charite+. 26  Li toujou prete lòt moun san grate tèt+.Pitit li yo ap jwenn benediksyon. ס [Samèk] 27  Si w sispann fè sa ki mal e w fè sa ki byen+,W ap rete pou toutan. 28  Paske, Jewova renmen jistisE li pap lage moun ki fidèl ak li yo+. ע [Ayin] Y ap toujou jwenn pwoteksyon+,Men, desandan mechan yo ap peri+. 29  Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a+E yo gen pou yo viv sou li pou toutan+. פ [Pe] 30  Se pawòl sajès ki soti nan bouch moun ki jis la*,E moun sa a pale sa ki jis+. 31  Lwa Bondye l la nan kè l+,Pye l pap glise+. צ [Tsade] 32  Mechan an ap gade moun ki jis laE l ap chèche touye l. 33  Men, Jewova pap lage moun ki jis la nan men mechan an+,Ni li pap kondane l lè y ap jije l+. ק [Kòf] 34  Met espwa w nan Jewova epi mache nan chemen l yo.L ap fè lwanj pou ou e w ap resevwa tè a kòm byen pa w.Lè yo disparèt mechan yo+, w ap wè sa+. ר [Rèch] 35  Mwen wè yon moun ki san pitye, ki mechan,K ap ouvè kò l tankou bèl pyebwa ki grandi nan tè l te pouse a+. 36  Men, bridsoukou li peri e li pa la ankò+.Mwen plede chèche l, men mwen pa ka jwenn li+. ש [Chin] 37  Gade moun ki san repwòch* la byen,Gade moun ki dwat la+,Paske moun sa a gen pou l viv anpè+. 38  Men, tout moun k ap pratike peche yo ap peri.Mechan yo pa gen okenn avni+. ת [Taw] 39  Se Jewova k ap sove moun ki jis yo+.Li se yon fòtrès pou yo nan moman difisil yo+. 40  Jewova ap ede yo, l ap delivre yo+.L ap retire yo anba men mechan yo e l ap sove yo,Paske se nan li yo pran refij+.

Nòt anba paj

Oswa: “Pinga w montre w chofe”.
Oswa: “Abite nan peyi a”.
Oswa: “Se pou w jwenn pi gwo jwa w ta ka genyen an”.
Lit.: “Woule wout ou sou Jewova”.
Oswa: “tann li avèk pasyans”.
Se kapab tou: “Pinga w fache, paske, se sèlman nan malè sa ap mennen”.
Lit.: “konnen jou moun ki san repwòch la”.
Oswa: “moun ki jis la fè moun favè”.
Oswa: “Li fè pye moun sa a vin djanm”.
Oswa: “kenbe l ak men L”.
Oswa: “Bouch moun ki jis la ap pale pawòl sajès tou ba”.
Oswa: “moun ki rete fidèl”.