Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi

Toujou respekte angajman ou te pran lè w te marye a

Toujou respekte angajman ou te pran lè w te marye a

Madanm nan di : “ Pandan kèk tan, mwen te remake, Michael, mari m, te vin frèt ni avè m ni ak timoun nou yo *. Konpòtman l te chanje yon ti tan apre òdinatè nou an te fin konekte sou Entènèt. Mwen te vin sispèk li konn gade pònografi sou Entènèt. Yon jou swa, apre timoun yo te fin dòmi, mwen t al jwenn li pou m pale avè l sou sa m te remake yo. Li te avwe m li konn gade sit pònografi. Sa te fè m mal anpil. Mwen pa t ka kwè yon bagay konsa te ka rive nan maryaj nou. Mwen te pèdi tout konfyans mwen te gen nan li. Yon bagay ki te vin agrave sitiyasyon an, sèke yon kòlèg travay mwen te kòmanse fè m konprann li renmen m. ”

Mari a di : “ Sa pa gen twò lontan, Maria, madanm mwen, te dekouvri yon foto mwen te anrejistre sou òdinatè nou an e li te pale sou sa avè m. Mwen te avwe l mwen gen abitid gade sit pònografi. Sa te fè l fache anpil. Mwen te santi m pa t konn sa pou m fè e mwen te santi mwen vrèman koupab. Mwen te panse sa t ap kraze maryaj nou. ”

KI SA w panse ki te fè maryaj Michael ak Maria te vin gen pwoblèm ladan l ? Petèt ou panse prensipal pwoblèm nan, se lefètke Michael te konn gade pònografi. Sepandan, jan Michael li menm te vin konprann sa, vis sa a li te pran an se te yon siy ki montre gen yon pwoblèm ki pi grav. Li pa t gen respè pou angajman l nan maryaj la *. Lè Michael ak Maria te marye, yo te panse nan lavi yo antanke koup t ap toujou gen lanmou e yo t apral gen anpil aktivite ansanm. Sepandan, menm jan ak anpil moun ki marye, avèk letan, yo te vin fè mwens efò pou yo kenbe angajman yo, e sanble ofiramezi youn te kòmanse manke enterese nan lòt.

Èske w santi relasyon w ak mari w oswa madanm ou ap febli tank ane ap pase ? Èske w ta renmen chanje sitiyasyon sa a ? Si w ta renmen fè sa, ou bezwen konn repons twa kesyon sa yo : Ki sa ki gen nan angajman ou pran an ? Ki difikilte ki ka diminye detèminasyon w genyen pou w respekte angajman sa a ? E ki sa w ka fè pou w ranfòse l ?

Ki sa yon angajman ye ?

Ki jan w t ap defini mo angajman an ? Anpil moun ka di se lè yon moun santi li gen obligasyon pou l fè yon bagay. Pa egzanp, de moun marye kapab kenbe angajman yo te pran lè yo te marye a paske yo gen timoun ansanm oswa paske yo konnen se yon obligasyon yo genyen devan Bondye, li menm ki kreye maryaj (Jenèz 2:22-24). Pa gen dout nan sa, rezon sa yo bon e y ap ede de moun marye pa kraze maryaj yo nan moman difisil. Men, yon santiman obligasyon pa sifi pou de moun ki marye jwenn kè kontan nan maryaj yo.

Jewova Dye te kreye maryaj nan objektif pou l pote anpil lajwa ak satisfaksyon pou moun ki marye yo. Li te gen nan objektif li pou yon gason “ pran plezi [li] ak madanm [li] ”, pou yon fi renmen mari l e pou l santi mari l renmen l menm jan mari a renmen tèt li (Pwovèb 5:18 ; Efezyen 5:28). Pou de moun ki marye gen yon relasyon konsa, youn dwe aprann gen konfyans nan lòt. Li enpòtan tou pou yo chèche gen yon amitye antre yo k ap dire pou toutan. Lè yon mari ak yon madanm rive aji pou youn merite konfyans lòt e yo rive vin bon zanmi youn lòt, y ap ranfòse angajman yo genyen antre yo nan maryaj yo a. Y ap gen yon atachman youn pou lòt ki tèlman sere y ap fè “ yon sèl kò ”, jan Labib di sa. — Matye 19:5.

Se poutèt sa, nou kapab konpare angajman de moun marye pran youn anvè lòt ak mòtye ki fè blòk yo rete atache youn ak lòt nan yon kay ki solid. Yo konpoze mòtye ak plizyè bagay, tankou sab, siman ak dlo. Menm jan an tou, gen yon seri bagay tankou obligasyon, konfyans ak amitye ki antre nan angajman sa a. Ki sa ki kapab deteryore atachman sa a ?

Ki difikilte ou ka jwenn ?

Pou w toujou respekte angajman ou te pran an, sa mande pou w fè anpil efò e pou w pa wè tèt ou anvan. Sa mande pou w pase sou preferans pa w volontèman pou w fè madanm ou oswa mari w plezi. Sepandan, gen anpil moun ki panse zafè kite preferans lòt moun pase anvan pa yo, san yo pa wè sa y ap jwenn ladan l, se yon bagay ki pase mòd. Gen lòt ankò ki pa ka tande bagay sa a. Men, ou kapab poze tèt ou kesyon sa a : ‘ Konbyen moun ki egoyis mwen konnen ki gen kè kontan nan maryaj yo ? ’ Petèt ou t ap di ou pa konn anpil moun konsa, oubyen ou pa konn moun konsa ditou. Men, sa k fè sa ? Se paske yon moun ki egoyis pap anvi kenbe angajman li te pran lè li te marye a lè sa mande pou l fè sakrifis, sitou si pa gen yon avantaj l ap tire tousuit si l sede devan lòt moun nan. Si moun ki marye ansanm yo pa respekte angajman yo pran an, maryaj yo pap pase dous, kèlkeswa jan youn te renmen lòt lè yo te fèk tonbe damou.

Labib rekonèt de moun ki marye bezwen fè anpil efò pou maryaj yo ka solid. Li di : “ Yon moun ki marye, l’ap okipe zafè lemonn tou paske l’ap chache fè madanm li plezi. ” E li di “ [fi] ki marye yo ap okipe zafè lemonn tou, paske y’ap chache fè mari yo plezi ”. (1 Korentyen 7:33, 34.) Malerezman, menm moun ki marye ki pa egoyis yo pa toujou wè sa k enkyete konjwen yo, ni yo pa toujou apresye sakrifis yo fè. Lè de moun ki marye manke demontre afeksyon yo gen youn pou lòt, sandout y ap gen plis ‘ traka nan lavi a ’. — 1 Korentyen 7:28.

Pou maryaj ou pa kraze nan moman difisil e pou l kontinye fleri nan bon moman, ou bezwen toujou konsidere maryaj ou kòm yon bagay k ap dire pou toutan. Ki jan w kapab rive gen yon pwennvi konsa e ki jan w kapab ede konjwen w kenbe angajman li te pran anvè w la ?

Ki jan w ka ranfòse angajman w te pran an ?

Yon bagay ki trèzenpòtan ou kapab fè, se aplike, avèk imilite, konsèy Labib, Pawòl Bondye a, bay. Lè w fè sa, sa prale “ byen ” ni pou ou ni pou moun ou marye avè l la (Izayi 48:17). Ann konsidere de bagay ki pwofitab ou kapab fè.

Rezève tan pou konjwen w.

1. Bay maryaj ou priyorite.

Apot Pòl te ankouraje nou “ rekonèt bagay ki pi enpòtan yo ”. (Filipyen 1:10, NW.) Nan je Bondye, fason yon mari trete madanm li e fason yon madanm trete mari l gen anpil enpòtans. Yon gason ki bay madanm li onè ap jwenn onè nan men Bondye. E yon madanm ki respekte mari li gen anpil “ valè devan Bondye ”. — 1 Pyè 3:1-4, 7.

Ki enpòtans ou bay maryaj ou ? An jeneral, tank yon bagay w ap fè enpòtan pou ou, se tank ou ba l plis tan. Poze tèt ou kesyon sa yo : ‘ Nan mwa ki pase a, konbyen tan mwen te rezève pou m pase ak konjwen m ? Ki bagay presi mwen fè pou m asire l nou toujou bon zanmi ? ’ Si w te pase yon ti tan toupiti ak moun ou marye avè l la oswa si w pa t pase tan ditou avè l, li kapab difisil pou li panse w ap kenbe angajman ou te pran lè w te marye avè l la.

Èske moun ou marye avè l la santi w ap fè efò pou kenbe angajman w ? Ki jan w kapab konnen sa ?

MEN SA W KA FÈ : Pran yon fèy papye epi ekri senk bagay sa yo ladan l : lajan, travay, maryaj, detant ak zanmi. Kounye a, nimewote yo nan yon lòd ki montre sa w panse ki priyorite pou madanm ou oswa pou mari w. Mande konjwen w pou l fè menm jan an tou. Lè w fini, chanje lis pa w la avèk pa l la. Si l wè ou pa envesti ase tan nan maryaj la e ou pa mete tout fòs ou ladan l, pale sou chanjman nou ka bezwen fè pou nou ranfòse angajman nou te pran youn anvè lòt la. Anplis, poze tèt ou kesyon sa yo : ‘ Ki sa m kapab fè pou m montre mwen gen plis enterè pou bagay ki enpòtan pou moun mwen marye avè l la ? ’

Enfidelite se nan kè yon moun li kòmanse.

2. Evite tout kalite fòm enfidelite.

Men sa Jezi te di : “ Mwen menm, men sa m’ap di nou : Si yon nonm gade yon fi avèk lanvi, li deja fè adiltè avè l nan kè l. ” ​(Matye 5:28). Lè yon mari gen relasyon seksyèl ak yon moun ki pa madanm li oswa yon madanm gen relasyon seksyèl ak yon moun ki pa mari li, li bay maryaj la yon gwo sabò ki kapab kraze l. E selon Labib, sa kapab menm yon baz pou gen divòs (Matye 5:32). Sepandan, pawòl Jezi te di nou site pi wo a montre nou yon moun ka gen yon move dezi nan kè l lontan anvan li vin fè adiltè a. Si li kontinye kite dezi sa a rete nan kè l, se deja yon fòm enfidelite.

Pou w ka kenbe angajman w nan maryaj la, ou bezwen pran rezolisyon sensèman pou w pa gade pònografi. Kèlkeswa sa anpil moun ka di an favè pònografi, pònografi se yon pwazon pou yon maryaj. Remake sa yon madanm te di konsènan mari l ki te pran abitid gade pònografi. Li di : “ Mari m te konn di m lè l gade pònografi, sa mete yon ti piman nan vi nou antanke de moun damou. Epoutan, sa te fè m santi mwen pa vo anyen e mwen pa ase pou li. Lè l ap gade l mwen kriye pou jis dòmi pran m. ” Èske w t ap di mari sa a ap ranfòse angajman li nan maryaj la ? Oubyen èske li montre li pa gen respè pou li ? Èske w panse lè l aji konsa li vin fasil pou madanm nan respekte angajman l nan maryaj la ? Èske lè l aji konsa li trete l kòm pi bon zanmi l ?

Jòb, yon nonm ki te fidèl te pale de angajman l nan maryaj li ak angajman l devan Bondye lè l di li te fè ‘ yon alyans ak je l ’ yon fason pou l ‘ pa plede gade yon fi ki vyèj ’. (Jòb 31:1, NW.) Ki jan w kapab imite Jòb nan sans sa a ?

Nonsèlman ou bezwen evite pònografi, men tou, ou bezwen veye pou w pa gen yon santiman ki deplase pou yon fi ki pa madanm ou oswa pou yon gason ki pa mari w. Se vre, gen anpil moun marye ki panse si y ap flète ak lòt moun ki pa konjwen yo, sa pa yon pwoblèm pou maryaj la. Sepandan, men sa Pawòl Bondye a di : “ Kè a pi trèt pase nenpòt ki lòt bagay e li pa bon menm. Ki moun ki ka konnen l ? ” ​(Jeremi 17:9, NW). Èske kè w twonpe w ? Mande tèt ou : ‘ Kiyès mwen plis bay atansyon ? Moun mwen marye avè l la oswa yon lòt moun ? Ak ki moun mwen pataje bon nouvèl mwen genyen yo anvan ? Moun mwen marye avè l la oswa yon lòt moun ? Si konjwen m mande m pou m limite amitye m avèk yon zanmi m, ki jan m ap reyaji ? Èske m ap fache oswa èske m ap fè sa l mande m nan san pwoblèm ? ’

MEN SA W KA FÈ : Si w santi ou gen atirans pou yon moun ki pa madanm ou oswa ki pa mari w, pran kontak ak moun sa a sèlman lè sa nesesè oswa lè pou w regle bagay ou dwe regle nan domèn travay ou avè l. Pa reflechi sou domèn ou santi li pi fò pase madanm ou oswa pase mari w. Depreferans, reflechi sou bèl kalite konjwen w genyen pito (Pwovèb 31:29). Sonje rezon ki fè w te tonbe damou pou li. Mande tèt ou : ‘ Èske vrèman li pèdi yo, oubyen èske se mwen ki pa remake yo ankò ? ’

Pran inisyativ

Michael ak Maria, moun nou te pale de yo nan kòmansman atik la, te deside mande lòt moun konsèy sou fason pou yo rezoud pwoblèm yo te genyen yo. Natirèlman, lè yo mande konsèy la, se te sèlman yon premye pa yo te fè pou yo rezoud pwoblèm yo. Men, lefètke Michael ak Maria te dispoze rekonèt yo gen pwoblèm e lefètke yo te chèche èd nan men lòt moun, yo te demontre byen klè yo respekte angajman yo nan maryaj yo a e yo te montre yo vle fè tout sa yo kapab pou yo reyisi maryaj yo.

Kit maryaj ou stab, kit ou gen pwoblèm ladan l, moun ou marye avè l la bezwen santi ou detèmine pou w fè maryaj ou reyisi. Fè tout sa w kapab ki apwopriye e ki nesesè pou w konvenk konjwen w ou gen detèminasyon sa a vre. Èske w dispoze fè sa ?

^ § 3 Yo chanje non yo.

^ § 5 Menmsi nan egzanp nou gen la a, se yon gason ki t ap gade pònografi, men, yon fi ki fè sa ap montre tou li pa respekte angajman li te pran lè l te marye a.

MANDE TÈT OU...

  • Nan ki aktivite mwen ka pase mwens tan yon fason pou m pase plis tan ak madanm mwen oswa ak mari m ?

  • Ki sa m ka fè pou m fè konjwen m gen konfyans mwen respekte angajman m nan maryaj la ?