Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | OU KA PWÒCH AK BONDYE

Èske w kominike ak Bondye?

Èske w kominike ak Bondye?

Kit se fasafas oubyen nan telefòn, nan imel, nan videyo oswa nan lèt, moun ki bon zanmi kominike youn ak lòt chak fwa sikonstans yo pèmèt sa. Kidonk, pou nou ka pwòch ak Bondye, nou bezwen kominike avèk li regilyèman. Men, kòman n ap rive fè sa?

Nou kapab pale ak Bondye nan lapriyè. Sepandan, lè n ap priye Bondye se pa tankou yon senp konvèsasyon n ap fè ak yon moun parèy nou. Lè n ap priye, nou dwe rekonèt n ap pale ak Kreyatè a, Bondye ki sèl Chèf tout linivè a. Sa dwe motive nou pou nou priye Bondye ak yon pwofon respè e pou nou onore li. Pou Bondye koute priyè nou yo, nou dwe obeyi kèk bagay byen presi li mande nou tou. Annou pale de twa nan bagay sa yo.

Premyèman, se Jewova sèl nou dwe priye, nou pa dwe priye ni Jezi ni yon “sen”, ni yon imaj (Egzòd 20:4, 5). Bib la di aklè: “Fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon ansanm ak remèsiman.” (Filipyen 4:6). Dezyèmman, nou dwe priye Bondye nan non Jezi Kris, Pitit li a. Men sa Jezi te esplike: “Pèsonn pap vin jwenn Papa a si l pa pase pa mwen menm.” (Jan 14:6). Twazyèmman, priyè nou yo dwe ann amoni ak volonte Bondye. Bib la fè konnen: “Kèlkeswa sa nou mande l selon volonte l, li tande nou *.” — 1 Jan 5:14.

Moun ki bon zanmi renmen kominike youn ak lòt chak fwa sa posib.

Natirèlman, yon bon relasyon pap dire si se yon sèl moun ki toujou ap pale. Menm jan moun ki zanmi renmen kominike youn ak lòt, se menm jan an tou, nou dwe kite Bondye pale avè n e nou dwe koute l lè l ap pale avè n. Èske n konnen fason Bondye pale avèk nou?

Jodi a, Jewova sèvi ak Bib la, Pawòl li te fè ekri a, pou l “pale” avè n (2 Timote 3:16, 17). Poukisa nou di sa? Ann pran yon egzanp: Imajine yon bon zanmi w ekri w yon lèt. Apre w fin li lèt la, ou gendwa chofe pou w di lòt moun: “Mwen fèk pran nouvèl zanmi m nan!” Epoutan, se pa pale zanmi w lan te pale pou l te kominike avè w, men se ekri li te ekri w. Menm jan an tou, lè w li Bib la, se kite ou kite Jewova pale avè w. Se sa k fè, Gina, nou te pale de li nan premye atik la, fè konnen: “Mwen panse si m vle Bondye konsidere m kòm zanmi l, mwen dwe egzamine ‘lèt’ li ekri nou an, sètadi Bib la.” Men sa li ajoute: “Lefètke m li Bib la chak jou, sa fè m vin pi pwòch ak Bondye.” Èske w kite Jewova pale avè w chak jou lè w li Pawòl li a, anpalan de Bib la, chak jou? Lè w fè sa, sa ap ede w santi w pi pwòch ak Bondye.

^ § 5 Pou w jwenn plis enfòmasyon sou fason pou w pwoche bò kote Bondye nan lapriyè, gade chapit 17 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.