Al gade sa k anndan l

ÈD POU FANMI | FASON POU N LEVE PITIT NOU

Fason w ka ede pitit ou jere nouvèl ki ka boulvèse yo

Fason w ka ede pitit ou jere nouvèl ki ka boulvèse yo

 Nouvèl ki ka boulvèse nou disponib 24 sou 24 sou tout fòm: televizyon, telefòn, tablèt oswa sou òdinatè. Byen souvan, nouvèl sa yo mache ak videyo ki montre anpil detay ladan yo.

 E timoun yo ap gade nouvèl sa yo.

 Ki jan w ka ede pitit ou yo jere nouvèl stresan sa yo?

 Ki efè nouvèl ka genyen sou timoun yo?

  •   Anpil timoun santi yo boulvèse lè yo wè gwo malè nan nouvèl. Gen timoun ki gendwa pa eksprime santiman yo, men lè yo tande yon gwo malè nan nouvèl, sa ka deranje yo anpil. a Timoun yo ka santi yo pi strese toujou si paran yo ap enkyete yo anpil konsènan nouvèl la.

  •   Timoun yo ka mal konprann nouvèl yo. Pa egzanp, gen timoun ki panse sa yo wè nan nouvèl ap rive fanmi yo tou. Epitou, timoun piti k ap gade nouvèl kote y ap plede pase videyo yon malè ki rive, ka panse chak fwa yo gade videyo a se menm malè a ki rive ankò.

  •   Timoun yo gendwa panse malè a grav nan nivo moun k ap bay nouvèl la vle fè l parèt la. Timoun yo ka pa rann yo kont konpayi k ap bay nouvèl la se yon biznis ki fè plis kòb lè gen plis moun ki gade pwogram yo. Donk, konpayi sa yo ka fè yon malè parèt pi grav, konsa anpil moun ap anvi konnen sa k pase e y ap kontinye gade nouvèl la.

 Ki jan w ka ede pitit ou si yo santi yo strese akoz nouvèl yo tande?

  •   Fikse limit sou kantite nouvèl ki stresan yo gade oswa yo tande. Sa pa vle di pitit ou yo pa dwe konnen sa k ap pase nan monn nan. Men, li pa bon pou yo ret ap gade oswa ap tande nouvèl ki ka boulvèse yo.

     “Gendelè mwen menm ak mari m konn ap pale sou tout detay yon nouvèl stresan devan pitit nou yo, san n pa rann nou kont efè sa konn genyen sou yo.” — Maria.

     Prensip Bib la bay: “Tèt chaje kraze kouraj yon moun.” — Pwovèb 12:25, Bib la.

  •   Pran san w pou w koute yo, eseye mete w nan plas yo. Si sa difisil pou pitit ou a eksprime santiman l, mande l pou l fè desen sa k te pase a pito. Lè w ap pale ak pitit ou sou santiman l, sèvi ak mo l ap konprann epi evite pale sou detay ki pa nesesè.

     “Pitit fi nou an santi l pi byen lè nou chita e nou koute l. Men, sa pa ede l lè nou annik di l: ‘Se konsa bagay yo ye kounye a, e nou dwe aksepte sa.’” — Sarahi.

     Prensip Bib la bay: “Tout moun dwe dispoze koute, yo pa dwe prese pale.” — Jak 1:19.

  •   Ede pitit ou pi byen konprann reyalite nouvèl yo. Pa egzanp, yon nouvèl sou yon moun yo te kidnape ka fè posiblite sa a parèt pi kouran pase sa reyalite a ye. Esplike pitit ou yo tout dispozisyon w deja pran pou asire w fanmi an an sekirite. Epitou, sonje rezon ki fè yon malè nan nouvèl se paske se yon bagay ki pa nòmal e ki pa rive toutan.

     “Ede pitit ou fè fas ak santiman yo genyen. Souvan, santiman nou depann de sa k ap pase nan lespri n. Donk, si n ede pitit nou konsantre sou yon bagay pozitif, y ap ka santi yo pi byen.” — Lourdes.

     Prensip Bib la bay: “Kè moun ki gen sajès la fè l veye sa k ap sot nan bouch li e li fè l pale yon fason pou l konvenk moun.” — Pwovèb 16:23.

a Yon fason timoun yo ka montre yo strese se lè yo kòmanse pipi nan kabann ankò oswa yo pè ale lekòl paske yo pa vle kite paran yo.