Al gade sa k anndan l

Èske mwen dwe priye sen yo?

Èske mwen dwe priye sen yo?

Repons Bib la bay

 Non. Bib la montre se sèlman Bondye nou dwe priye nan non Jezi. Men sa Jezi te di disip li yo: “Men ki jan pou nou lapriyè: Papa nou ki nan syèl la, nou mande pou yo toujou respekte non ou.” ​(Matye 6:9, Bib La). Li pa t janm bay disip li yo lòd pou yo priye ni sen ni zanj oswa okenn lòt moun sof Bondye.

 Jezi te di disip li yo tou: “Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.” ​(Jan 14:6, Bib La). Se nan non Jezi sèlman nou dwe priye pou n pale ak Bondye. — Ebre 7:25.

E si m priye Bondye e m priye sen yo tou?

 Nan dis kòmandman yo, Bondye te di: “Mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi.” ​(Egzòd 20:5, Bib la). Nan ki sans Bondye “jalou”? Men sa nou jwenn nan nòt yon tradiksyon Labib ki rele New American Bible: “[Bondye] mande pou se sèlman li menm pou moun adore.” Bondye vle se sèlman li menm pou n adore e se sèlman li menm pou n priye. — Ezayi 48:11.

 Sa t ap fè Bondye fache si nou ta priye sen oswa zanj olye nou priye l. Lè apot Jan t apral adore yon zanj, zanj lan te anpeche l fè sa lè l te di l: “Non, pa fè sa. Se sèvi m ap sèvi Bondye ansanm avè ou, ansanm ak tout frè ou yo ki kenbe pawòl Jezi a byen fèm. Se Bondye pou ou adore.” ​(Revelasyon 19:10, Bib la).