Al gade sa k anndan l

Èske Jezi te mouri sou yon kwa?

Èske Jezi te mouri sou yon kwa?

Repons Bib la bay

 Anpil moun konsidere kwa kòm senbòl ki pi kouran pou reprezante kretyen yo. Sepandan, kòm Labib pa bay detay sou sa Jezi te mouri sou li a, donk pèsonn pa ka di egzakteman ki fòm li te genyen. Malgre sa, Labib bay prèv Jezi pa t mouri sou yon kwa, men li te mouri sou yon bwa ki dwat.

 An jeneral, Bib la sèvi ak mo grèk stowòs lè l ap pale de bagay Jezi te mouri sou li a (Matye 27:40; Jan 19:17). Byenke gen anpil tradiksyon Labib ki mete “kwa” pou tradui mo sa a, anpil moun ki fè rechèch sou Bib la rekonèt sans prensipal mo a se “yon bwa ki dwat” a. Selon yon liv referans (A Critical Lexicon and Concordance to the English and Greek New Testament), mo stowòs la “pa janm vle di de moso bwa ki kwaze youn ak lòt nan kèlkeswa ang lan”.

 Labib sèvi tou ak mo grèk ksilon an kòm yon mo ki gen menm sans ak mo stowòs la (Travay 5:30; 1 Pyè 2:24). Mo sa a vle di “bwa”, “planch”, “poto” oswa “pyebwa”. b Men sa yon tradiksyon Labib fè konnen: “Pa gen anyen nan lang grèk [Nouvo Testaman] an ki ta menm lese konprann y ap pale de de moso bwa.” — The Companion Bible.

Èske Bondye dakò pou moun sèvi ak kwa nan adorasyon y ap ba li?

Yon crux simplex, an laten se yon mo yo itilize pou pale de yon sèl moso bwa pou yo kloure kriminèl.

 Kèlkeswa fòm bagay Jezi te mouri sou li a te genyen, sitiyasyon ki te pase ki ekri annapre yo ansanm ak vèsè yo montre nou pa dwe sèvi ak kwa lè n ap adore Bondye.

  1.   Bondye rejte adorasyon ki sèvi ak imaj oswa senbòl, san wete kwa a. Bondye te bay Izrayelit yo lòd pou yo pa sèvi ak “zidòl ki gen kèlkeswa fòm nan” nan adorasyon y ap ba li e li te di kretyen yo tou pou yo “kouri pou idolatri”. — Detewonòm 4:15-19; 1 Korentyen 10:14.

  2.   Kretyen yo nan premye syèk la pa t konn sèvi ak kwa nan adorasyon y ap bay Bondye a. c Sa apot yo te anseye yo ak egzanp yo se yon modèl tout kretyen dwe suiv. — 2 Tesalonisyen 2:15.

  3.   Kesyon sèvi ak kwa nan adorasyon an soti nan relijyon payen. d Plizyè syèk apre Jezi fin mouri, lè legliz yo te vin pa suiv ansèyman Jezi yo ankò, gen moun ki te vin fè pati legliz yo “yo te bay dwa sèvi ak senbòl yo te genyen nan relijyon payen yo te ladan l yo”, e kwa a se youn nan senbòl sa yo (The Expanded Vine’s Expository Dictionary of New Testament Words). Sepandan, Labib pa dakò pou nou sèvi ak senbòl ki nan relijyon payen pou n adore Bondye yon fason pou plis moun konvèti. — 2 Korentyen 6:17.

a Gade New Bible Dictionary, twazyèm edisyon, se D. R. W. Wood ki edite l, paj 245; Theological Dictionary of the New Testament, volim VII, paj 572; The International Standard Bible Encyclopedia, edisyon revize, volim 1, paj 825; ak The Imperial Bible-Dictionary, volim II, paj 84.

b Gade The Expanded Vine’s Expository Dictionary of New Testament Words, paj 1165; A Greek-English Lexicon, se Liddell ak Scott ki fè l, nevyèm edisyon, paj 1191-1192; ak Theological Dictionary of the New Testament, volim V, paj 37.

c Gade Encyclopædia Britannica, 2003, nan soutit “Kwa”; The Cross—Its History and Symbolism, paj 40; ak The Companion Bible, Oxford University Press, apendis 162, paj 186.

d Gade The Encyclopedia of Religion, volim 4, paj 165; The Encyclopedia Americana, volim 8, paj 246; ak Symbols Around Us, paj 205-207.