Al gade sa k anndan l

Èske nou ta dwe adore imaj?

Èske nou ta dwe adore imaj?

Repons Bib la bay

 Non, nou pa dwe adore imaj. Men sa yon ansiklopedi (New Catholic Encyclopedia) fè konnen anrapò ak lwa Bondye te bay nasyon Izrayèl la: “Sou baz plizyè istwa nan Bib la, li parèt klè vrè adorasyon yo te konn bay Bondye a pa t gen imaj ladan l.” Ann egzamine vèsè ki annapre yo:

  •   “Nou pa dwe fè zidòl oubyen yon bagay ki sanble ak kèlkeswa bagay ki anwo nan syèl la oubyen ki sou tè a oubyen ki nan dlo ki sou tè a. Nou pa dwe pwostène devan yo ni nou pa dwe kite moun fè nou sèvi yo, paske mwen menm, Jewova, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki mande pou moun atache avè m sèlman.” ​(Egzòd 20:4, 5). Piske Bondye mande pou “moun atache avè [l] sèlman”, li pap kontan si nou adore imaj, foto, zidòl, estati oswa senbòl.

  •   “Mwen p’ap kite yo bay zidòl yo lwanj ki pou mwen an.” ​(Ezayi 42:8, Bib la). Bondye pa aksepte adorasyon moun ba li pa mwayen imaj. Lè kèk Izrayelit te eseye adore Bondye pa mwayen estati yon ti bèf annò, Bondye te fè konnen yo te “fè yon gwo peche”. — Egzòd 32:7-9, Easy-to-Read Version.

  •   “Nou pa dwe panse Bondye sanble ak bagay ki fèt ak lò oswa ak ajan oubyen ak wòch, bagay lèzòm sèvi ak entèlijans yo ansanm ak imajinasyon yo pou yo fè.” ​(Travay 17:29). Kontrèman ak fo adorasyon, kote byen souvan moun yo sèvi ak “bagay lèzòm sèvi ak entèlijans yo ansanm ak imajinasyon yo pou yo fè”, kretyen yo dwe “mache selon lafwa, [yo pa dwe] mache selon sa [yo] wè”. — 2 Korentyen 5:7.

  •   “Veye kò nou ak zidòl.” ​(1 Jan 5:21). Nan Bib la, nan kòmandman Bondye te bay ni nasyon Izrayèl la ni Kretyen yo, li toujou montre moun twonpe yo lè yo panse Bondye aksepte pou moun sèvi ak imaj nan adorasyon y ap ba li.