Al gade sa k anndan l

Èske Jezi se Bondye Toupisan an?

Èske Jezi se Bondye Toupisan an?

Repons Bib la bay

 Opozan Jezi yo te akize l kòmkwa li ta vle egal ak Bondye (Jan 5:18; 10:30-33). Men, Jezi pa t janm deklare li nan menm pozisyon ak Bondye Toupisan an. Li te di: “Papa a nan pi gwo pozisyon pase m”. — Jan 14:28.

 Moun ki te vin disip Jezi yo te konnen li pa egal ak Bondye Toupisan an. Pa egzanp, apre Jezi te resisite, apot Pòl te ekri Bondye te “leve l met nan yon pozisyon ki pi wo”. Li klè, Pòl pa t kwè Jezi se Bondye Toupisan an. Si se te sa, kòman Bondye t ap fè leve l met nan yon pozisyon ki pi wo? — Filipyen 2:9.