Al gade sa k anndan l

Ki sa delivrans ye?

Ki sa delivrans ye?

Repons Bib la bay

 Pafwa, ekriven biblik yo konn sèvi ak mo “sove” a ansanm ak mo “delivre” a pou bay ide yon moun ki delivre anba yon danje oswa yon destriksyon (Egzòd 14:13, 14; Travay 27:20). Sepandan, byen souvan, mo sa yo konn fè referans ak delivrans anba peche (Matye 1:21). Piske se peche ki lakòz moun mouri, moun ki delivre anba peche yo gen espwa pou yo viv pou toutan. — Jan 3:16, 17 a.

Ki sa yon moun dwe fè pou l sove?

 Pou yon moun sove, li dwe gen lafwa nan Jezi e l dwe demontre lafwa sa a lè l obeyi kòmandman l yo. — Travay 4:10, 12; Women 10:9, 10; Ebre 5:9.

 Bib la montre pou yon moun bay prèv li gen yon lafwa ki vivan, moun sa a dwe poze aksyon ki montre l obeyisan (Jak 2:24, 26). Sepandan, sa pa vle di moun nan ka sove grasa pwòp fòs li. Se yon “kado Bondye” fè nou grasa “favè san parèy” oswa “gras” li demontre anvè nou. — Efezyen 2:8, 9; Bib Kreyòl La.

Èske yon moun ka pèdi delivrans lan?

 Wi. Menm jan apre yo fin sove yon moun ki t ap neye nan dlo, moun nan ka tonbe nan dlo a ankò oswa l ka lage kò l ladan l, se konsa tou, yon moun yo fin sove anba peche e ki sispann demontre lafwa ka pèdi delivrans lan. Se rezon sa a ki fè Bib la ankouraje kretyen yo te delivre yo pou yo “mennen yon gwo lit pou lafwa yo”. (Jid 3.) Anplis de sa, men ki konsèy Bib la bay moun Bondye te sove yo: “Kontinye travay pou pwòp delivrans nou, avèk krent ak anpil respè.” — Filipyen 2:12.

Kiyès ki Sovè a: Bondye oswa Jezi?

 Bib la montre se Bondye ki prensipal Moun ki bay delivrans lan e byen souvan, nan Bib la yo pale de Bondye antanke “Sovè”. (1 Samyèl 10:19; Ezayi 43:11; Tit 2:10; Jid 25.) Anplis de sa, Bondye te sèvi ak anpil gason pou l delivre nasyon Izrayèl tan lontan an, e Bib la rele mesye sa yo “sovè” tou (Neyemi 9:27; Jij 3:9, 15; 2 Wa 13:5) b. Menm jan an tou, piske se pa mwayen sakrifis ranson Jezi Kris la Bondye pral bay delivrans lan, Bib la pale de Jezi antanke “Sovè”. — Travay 5:31; Tit 1:4 c.

Èske tout moun nèt ap sove?

 Non, gen kèk moun ki pap sove (2 Tesalonisyen 1:9). Apre yon mesye te fin mande Jezi “èske se kèk grenn moun k ap sove?”, Jezi te di: “Fè gwo efò pou nou antre nan pòt ki jis la, paske, m ap di nou sa: Anpil moun pral chèche antre ladan l, men yo pap kapab.” — Lik 13:23, 24.

Rezon ki fè kèk moun panse tout moun nèt ap sove

 Sa yo panse: 1 Korentyen 15:22 fè konnen tout moun nèt ap sove paske l di “nan Kris tout [moun] pral retounen jwenn lavi”.

 Sa ki verite: Nan kontèks vèsè sa a, y ap pale de rezirèksyon an (1 Korentyen 15:12, 13, 20, 21, 35). Donk, fraz “nan Kris tout [moun] pral retounen jwenn lavi” a vle di tou senpleman se grasa Kris tout moun ki resisite yo resevwa benediksyon sa a. — Jan 11:25.

 Sa yo panse: Tit 2:11 fè konnen tout moun nèt ap sove paske l di Bondye “pral sove tout moun”. — Bib Kreyòl La.

 Sa ki verite: Mo grèk lè yo tradui l yo met “tout” pou li nan vèsè sa a ka vle di “tout kalite oswa tout sòt” d. Kidonk, konpreyansyon kòrèk pou Tit 2:11 lan sèke Bondye pèmèt tout kalite moun jwenn posiblite pou yo sove, sa vle di moun “ki soti nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp ak nan tout lang”. — Revelasyon 7:9, 10.

 Sa yo panse: 2 Pyè 3:9 fè konnen tout moun nèt ap sove paske l di Bondye “pa ta renmen pèsonn moun detwi”.

 Sa ki verite: Bondye vle pou moun yo sove, men, li pa fòse okenn moun aksepte dispozisyon l pran pou moun sove a. “Jou jijman” l lan pral gen ladan l “destriksyon moun ki pa gen respè” pou li yo. — 2 Pyè 3:7.

a Bib la konn fè referans ak yon moun ki “sove” menm lè moun sa a poko delivre anba peche ak lanmò. — Efezyen 2:5; Women 13:11.

b Nan vèsè nou site la yo, gen kèk tradiksyon ki met “chanpyon”, “moun ki delivre”, “ero”, “chèf” oswa menm “yon moun” olye yo mete “sovè”. Sepandan, nan tèks ebre orijinal ki nan Bib la, se menm mo yo sèvi pou pale de moun sa yo yo itilize lè y ap pale de Jewova Dye antanke Sovè nou. — Sòm 7:10.

c Non Jezi soti nan yon non ebre Jewochwa ki vle di “Jewova se delivrans”.

d Gade disksyonè ki rele Vine’s Complete Expository Dictionary of Old and New Testament Words lan. Menm mo grèk la parèt nan Matye 5:11 kote nou jwenn pawòl Jezi yo ki montre moun yo t apral di “tout kalite” move bagay kont moun k ap suiv li yo. — Bib la.