Al gade sa k anndan l

Ki sa rezirèksyon an ye?

Ki sa rezirèksyon an ye?

Repons Bib la bay

 Nan Labib, mo grèk anastasis lè yo tradui l ki bay “rezirèksyon” an vle di “leve” oswa “kanpe ankò”. Yon moun ki resisite se yon moun ki leve sot nan lanmò e se menm moun li te ye anvan an. — 1 Korentyen 15:12, 13.

 Byenke mo “rezirèksyon” an pa parèt nan liv ki te ekri ann ebre yo, liv yo konn rele Ansyen testaman an, ide rezirèksyon an parèt ladan yo. Pa egzanp, men sa Bondye te pwomèt pa mwayen pwofèt Oze: “M ap sove pèp mwen an anba pouvwa Tonm nan. M ap delivre yo nan lanmò.” — Oze 13:14; Jòb 14:13-15; Ezayi 26:19; Dànyèl 12:2, 13.

 Ki kote moun ki pral resisite yo pral viv? Gen kèk moun ki pral resisite pou yo viv nan syèl la pou yo dirije avèk Kris antanke wa (2 Korentyen 5:1; Revelasyon 5:9, 10). Bib la rele rezirèksyon sa a “premye rezirèksyon an” ak “rezirèksyon k ap fèt pi bonè a”, toude ekspresyon sa yo fè konprann gen yon dezyèm rezirèksyon ki dwe fèt (Revelasyon 20:6; Filipyen 3:11). Dezyèm rezirèksyon sa a pral bay pifò moun ki te mouri yo posiblite pou yo viv sou tè a. — Sòm 37:29.

 Kòman moun yo pral resisite? Bondye bay Jezi pouvwa pou l leve moun ki mouri (Jan 11:25). Jezi pral fè “tout moun ki nan tonm yo” tounen viv ankò ak idantite yo, pèsonalite yo ak souvni yo (Jan 5:28, 29). Moun k ap resisite pou viv nan syèl yo pral resisite antanke espri, men moun k ap resisite pou viv sou tè a pral resisite ak yon kò fizik ki an sante e ki pafè. — Ezayi 33:24; 35:5, 6; 1 Korentyen 15:42-44, 50.

 Kiyès k ap resisite? Labib di “pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis”. (Travay 24:15.) Moun ki jis yo gen ladan yo moun ki fidèl, tankou Noye, Sara ak Abraram (Jenèz 6:9; Ebre 11:11; Jak 2:21). Moun ki enjis yo gen ladan yo moun ki pa t suiv prensip Bondye yo paske yo pa t gen posiblite konn prensip sa yo.

 Men, moun ki pa t repanti tèlman yo te anrasinen nan fè sa ki mal pap resisite. Lè moun sa yo mouri, yo tou detwi nèt, pa gen espwa pou yo tounen viv ankò. — Matye 23:33; Ebre 10:26, 27.

 Ki lè rezirèksyon an ap fèt? Labib te gentan fè konnen rezirèksyon moun ki pral nan syèl yo ap fèt pandan prezans Kris, e prezans sa a te kòmanse an 1914 (1 Korentyen 15:21-23). Rezirèksyon pou moun viv sou tè a pral fèt pandan Rèy mil an Jezi Kris la, lè tè a pral tounen yon paradi. — Lik 23:43; Revelasyon 20:6, 12, 13.

 Sa k fè l rezonab pou nou kwè nan rezirèksyon an? Labib bay detay sou nèf rezirèksyon ki te fèt, e te gen moun ki te temwen tout rezirèksyon sa yo (1 Wa 17:17-24; 2 Wa 4:32-37; 13:20, 21; Lik 7:11-17; 8:40-56; Jan 11:38-44; Travay 9:36-42; 20:7-12; 1 Korentyen 15:3-6). Rezirèksyon Laza a vrèman enteresan paske Laza te gentan mouri depi kat jou lè Jezi te resisite l la e l te fè mirak sa a devan yon foul moun (Jan 11:39, 42). Menm moun ki opoze ak Jezi pa t ka nye evènman sa a, se sa k fè yo te fè konplo pou yo touye ni Jezi ni Laza. — Jan 11:47, 53; 12:9-11.

 Labib montre nonsèlman Bondye gen kapasite pou l fè moun mouri tounen viv ankò, men tou li vle fè sa. Li gen yon memwa ki pa gen limit, sa fè L sonje tout detay sou chak moun li pral resisite grasa gwo pisans li genyen an (Jòb 37:23; Matye 10:30; Lik 20:37, 38). Bondye kapab resisite moun ki mouri, e l vle fè sa! Men sa Bib la di de Bondye anrapò ak rezirèksyon ki pral fèt la: “Se pa ti anvi w ap anvi wè travay ou fè ak men w!” — Jòb 14:15.

Move konsepsyon moun genyen sou rezirèksyon an

 Sa moun yo panse: Rezirèksyon an se lè nanm nan tounen nan kò a.

 Reyalite a: Bib la fè konnen nanm nan se moun nan menm, se pa yon pati ki kontinye viv apre kò a fin mouri (Jenèz 2:7, nòt; Ezekyèl 18:4). Lè yon moun resisite se pa nanm li ki tounen nan kò l, Bondye fè moun nan reviv ankò antanke yon nanm ki vivan.

 Sa moun yo panse: Gen moun ki pral resisite e y ap detwi yo tousuit apre.

 Reyalite a: Labib di “moun ki pratike sa ki mal ap resevwa yon jijman kondanasyon”. (Jan 5:29.) Men, jijman sa a pap fèt sou baz sa moun nan te fè anvan l resisite, li pral fèt sou baz sa moun nan te fè apre l fin resisite. Jezi te di: “Moun ki mouri yo pral tande vwa Pitit Bondye a, e sa ki koute yo ap viv.” ​(Jan 5:25). Moun ki “koute yo” sa vle di moun ki obeyi sa yo pral aprann apre yo fin resisite ap gen non yo ekri nan “woulo lavi a”. — Revelasyon 20:12, 13.

 Sa moun yo panse: Lè yon moun resisite, se menm kò li te genyen anvan l mouri a li genyen ankò.

 Reyalite a: Lè yon moun fin mouri, kò l ap depafini jis li pa egziste ankò. — Eklezyas 3:19, 20.