Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Filipyen 4:6, 7 — “Pa enkyete nou pou anyen”

Filipyen 4:6, 7 — “Pa enkyete nou pou anyen”

 “Pa enkyete nou pou anyen, men fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon toutpandan n ap di l mèsi. E lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou pa mwayen Kris Jezi.” — Filipyen 4:6, 7, Tradiksyon monn nouvo a.

 “Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l’ mèsi tou lè n’ap lapriyè. Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l’, bagay lèzòm pa ka konprann; la kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.” — Filipyen 4:6, 7, Bib la.

Sa Filipyen 4:6, 7 vle di

 Lè moun k ap sèvi Bondye santi yo enkyete oswa yo strese anpil, yo ka priye Bondye pou yo jwenn rekonfò. Li pwomèt sèvitè l yo l ap ba yo lapè, se sa k ap ede yo fè fas ak enkyetid e k ap pwoteje lespri yo ak santiman yo. Vèsè 6 la montre kèk fason yon moun kapab priye pou l jwenn lapè Bondye bay la.

 Siplikasyon se priyè yon moun fè Bondye ak tout kè l pou l mande l èd. Jan Jezi te fè sa, yon moun ka sipliye Bondye lè l santi l strese oswa lè lavi l an danje (Ebre 5:7). Souvan, moun nan priye Bondye sou sa plizyè fwa.

 Demann se priyè yon moun fè pou l mande Bondye yon bagay byen presi. Sèvitè l yo kapab fè l konnen demann yo “nan tout bagay,” oswa “nan tout sitiyasyon.” Sepandan, kalite priyè sa yo dwe fèt ann amoni ak volonte Bondye jan sa parèt nan Bib la. — 1 Jan 5:14.

 Priyè nou fè pou n di Bondye mèsi montre nou gen rekonesans pou sa l deja fè, ak sa l pral fè pou nou. Lè n konsantre sou rezon nou genyen pou n di Bondye mèsi, sa ede n gen kè kontan nan lavi nou. — 1 Tesalonisyen 5:16-18.

 Jewova reponn priyè sa yo lè l bay sèvitè l yo lapè. “Lapè Bondye” a gen rapò ak yon lespri ki anpè nou jwenn grasa yon relasyon sere nou genyen ansanm avè l (Women 15:13; Filipyen 4:9). Lapè sa a “depase tout sa moun ka konprann”, paske li soti nan Bondye e li kapab ede n yon fason nou pa t menm imajine.

 Vèsè sa a di lapè Bondye kapab pwoteje kè nou. Mo grèk lè yo tradui l yo mete “pwoteje” pou li a fè referans ak yon gwoup sòlda yo te bay responsablite pou pwoteje yon vil. Menm jan an tou, lapè Bondye a pwoteje fason yon moun panse ak santiman l. Lapè sa a ede l pou l pa santi pwoblèm yo anvayi l.

 Lapè Bondye bay la pwoteje nou “pa mwayen Kris Jezi” piske se grasa Jezi nou rive gen yon relasyon ak Bondye. Jezi te sakrifye lavi l kòm ranson pou peche nou. Si nou demontre lafwa nan Jezi, n ap jwenn benediksyon Bondye (Ebre 11:6). Mete sou sa, se grasa li nou ka pwoche bò kot Bondye nan lapriyè. Jezi te di: “Pèsonn pap vin jwenn Papa a si l pa pase pa mwen menm” — Jan 14:6; 16:23.

Kontèks Filipyen 4:6, 7

 Liv Filipyen an se yon lèt apòt Pòl te ekri kretyen ki t ap viv nan vil Filip yo a. Nan chapit 4 la, Pòl ankouraje kongregasyon an pou yo rejwi e l te di yo mèsi lefètke yo se moun ki renmen bay, sa ki te fè l kontan (Filipyen 4:4, 10, 18). Li montre fason yon moun ka priye pou l jwenn lapè Bondye a e l fè konnen fason moun sa a dwe panse, ak fason l dwe aji pou l rive jwenn èd grasa “Bondye lapè a”. — Filipyen 4:8, 9.

a Jodi a yo se peyi Lagrès.