Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Filipyen 4:8 — “Kontinye reflechi sou tout bagay ki vrè”

Filipyen 4:8 — “Kontinye reflechi sou tout bagay ki vrè”

 “Anfen, frè m yo, kontinye reflechi sou tout bagay ki vrè, tout bagay ki merite konsiderasyon, tout bagay ki jis, tout bagay ki pwòp, tout bagay ki merite pou yo renmen yo, tout bagay ki gen bon repitasyon, tout bagay ki bon e tout bagay ki merite louwanj.” — Filipyen 4:8, Tradiksyon monn nouvo a.

 “Pou fini, frè m’ yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p’ap fè nou wont.” — Filipyen 4:8, Bib la.

Sa Filipyen 4:8 vle di

 Bondye enterese nan sa lèzòm panse e youn nan pi gwo rezon ki fè sa se paske panse nou mennen nan aksyon (Sòm 19:14; Mak 7:20-23). Se sa k fè moun ki vle fè Bondye plezi rejte panse ki pa bon nan je l yo. Olye de sa, yo panse ak bagay ki fè l plezi.

 Vèsè sa a montre kretyen yo ta dwe “kontinye reflechi” sou uit kalite bagay. Kidonk, yo ta dwe pran abitid reflechi sou yo.

  •   “Vrè.” Mo sa a fè referans ak bagay ki dwat e ki merite pou moun fè yo konfyans, tankou enfòmasyon nou jwenn nan Labib, Pawòl Bondye a. — 1 Timote 6:20.

  •   “Ki merite konsiderasyon.” Ekspresyon sa a fè referans ak bagay ki gen enpòtans toutbon. Se pa bagay k ap pase, ki pa gen enpòtans oswa ki raz. Men, se bagay ki ede nou ranfòse detèminasyon nou genyen antanke kretyen pou n fè sa ki byen. — Tit 2:6-8.

  •   “Jis.” Mo sa a fè referans ak plan ak aksyon ki ann amoni ak prensip Bondye bay anrapò ak sa ki bon olye l fè referans ak sajès lèzòm ki gen limit. — Pwovèb 3:5, 6; 14:12.

  •   “Pwòp.” Mo sa a fè referans ak panse ki pwòp, ki san tach nan tout domèn, se pa nan bagay ki gen rapò ak sèks sèlman. — 2 Korentyen 11:3.

  •   “Merite pou yo renmen yo.” Ekspresyon sa a fè referans ak bagay ki agreyab, ki pwovoke yon seri santiman tankou lanmou olye yo pwovoke lahèn, kòlè oswa konfli. — 1 Pyè 4:8.

  •   “Bon repitasyon.” Ekspresyon sa a fè referans ak bagay ki ka fè yon moun gen pi bon repitasyon oswa yon bagay moun ki respekte Bondye t ap aksepte. — Pwovèb 22:1.

  •   “Bon.” Mo sa a fè referans ak bagay ki bon nèt nan domèn moral selon prensip Bondye bay yo. Yo toujou bon. — 2 Pyè 1:5, 9.

  •   “Merite louwanj.” Pawòl sa a fè referans ak bagay ki gen valè, sitou nan je Bondye. Sa gen ladan l aksyon Bondye fè ki merite louwanj yo, ki merite pou moun reflechi sou yo. — Sòm 78:4.

Kontèks Filipyen 4:8

 Apot Pòl te nan prizon lakay li lè l te ekri lèt pou kretyen ki nan vil Filip yo. Malgre sa, moun k ap fè kòmantè sou Bib la pale de lèt li a kòm “yon lèt kè kontan” poutèt pawòl ki bay lajwa ki gen ladan l ak tout pawòl ki demontre afeksyon li gen ladan l. — Filipyen 1:3, 4, 7, 8, 18; 3:1; 4:1, 4, 10.

 Pòl te renmen frè ak sè l yo ki te nan vil Filip e li te vle yo gen menm kalite kè kontan ak lapè li te genyen an (Filipyen 2:17, 18). Donk, nan fen lèt li a, li te ankouraje yo pou yo travay pou yo gen lajwa, pou yo rezonab, pou yo toujou konte sou Bondye pa mwayen lapriyè e pou yo konsantre sou bagay ki fè moun santi yo anpè ak tèt yo e ki fè yo santi yo anpè ak Bondye. — Filipyen 4:4-9.

 Gade ti videyo sa a pou w wè kèk bagay sou liv Filipyen an.