Al gade sa k anndan l

Yon kanpay ki te bay bon rezilta nan Laponi

Yon kanpay ki te bay bon rezilta nan Laponi

Gen yon gwoup endijèn ki gen pwòp kilti yo, pwòp tradisyon yo ak pwòp lang yo k ap viv nan yon gwo tèritwa ki layite kò l sou yon pati nan peyi Finlann, Nòvèj ak Lasyèd. Yo rele yo Sami. Sa pa gen twò lontan, Temwen Jewova yo te pran inisyativ fè de bagay pou pèmèt Sami yo jwenn mesaj ki nan Bib la.

Pou kòmanse, ann otòn 2015, Temwen Jewova yo te kòmanse pwodui piblikasyon ak videyo ki baze sou Bib la nan lang Sami yo pale a *. Apre sa, nan ane 2016 ak 2017, yo te òganize de kanpay espesyal nan Laponi, yon zòn ki gen anpil twoupo bèt yo rele rèn nan, pou yo te ka pataje sa yo te prepare yo ak Sami yo.

“Travay ki enpòtan e ki gen anpil valè pou kominote a”

Pandan kanpay espesyal ki te fèt nan mwa me 2017 la, plis pase 200 Temwen Jewova ki te soti nan peyi Finlann, Nòvèj ak Lasyèd te ofri tèt yo kòm volontè pou yo ale nan plizyè ti vilaj ki gaye sou plizyè milye kilomèt kare nan Laponi. Gen kèk ladan yo ki te chèche aprann kèk fraz nan lang same, sa te enpresyone Sami yo. Men sa Denis, youn nan Temwen sa yo, ki te soti nan vilaj Karigasnyemi di: “Moun nan zòn nan te apresye efò nou te fè pou nou pale lang yo a e yo te wè jan nou enterese ak yo toutbonvre.”

Piske yo renmen lanati e yo renmen viv nan bwa, Sami yo te vrèman apresye pwomès Bib la fè konsènan Paradi a k ap sou tè a (Sòm 37:11). Pa egzanp, lè yon dam nan zòn nan te kòmanse etidye Labib nan bwochi Bon nouvèl Bondye bay la! e li te aprann objektif Bondye gen pou lèzòm, li te mande byen fò poukisa pastè nan legliz li a pa t janm pale l de Paradi a k ap sou tè a.

Anpil moun te di jan yo rekonesan pou vizit Temwen Jewova yo. Gen yon mesye k ap vann nan yon boutik ki te felisite de Temwen Jewova. Li te fè yo konnen yo t ap fè yon “travay ki enpòtan e ki gen anpil valè pou kominote a” epi li te envite yo vin nan boutik la pou yo pran nenpòt sa yo bezwen pou yo manje. Mesye a te ensiste pou l di se li k ap peye pou sa yo pran an.

Pandan kanpay la, moun nan kominote Sami an te gade anviwon 180 videyo e yo te aksepte plis pase 500 piblikasyon. Souvan, yo te mande pou yo ba yo tout piblikasyon ki disponib nan lang yo a. Mete sou sa, 14 ladan yo te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo.

“Se travay pwofesyonèl”

Kèk nan Sami ki li piblikasyon Temwen Jewova yo apresye jan piblikasyon sa yo byen tradui. Nilla Tapiola, yon pwofesè lekòl ki manm komite administrasyon palman Sami yo, te di: “Nou vrèman byen tradui piblikasyon nou yo.” Li di piblikasyon nou yo “fasil pou moun li e yo byen ekri”. Gen yon mesye k ap viv nan dènye pwent nò Finlann ki pale same tou ki di: “Li klè, sa se travay pwofesyonèl.”

Nan Karigasnyemi, nan fwontyè ant Finlann ak Nòvèj, Temwen Jewova yo te rankontre yon pwofesè ki pale same, yo te pale sou premye leson ki nan bwochi Bon nouvèl Bondye bay la! avèk li. Kalite tradiksyon an te tèlman enpresyone l, li te mande Temwen yo pèmisyon pou l itilize bwochi sa a pou l aprann lòt moun lang Sami yo.

Yo tradui plizyè videyo, feyè ak yon bwochi nan lang same. Sit Entènèt jw.org la parèt nan lang same depi 29 fevriye 2016. Chak mwa, moun ki pale same yo vizite sit la plis pase 400 fwa e yo telechaje plis pase 350 fichye odyo ak videyo.

Ni Sami yo ni moun ki te ofri tèt yo kòm volontè pou kanpay sa yo te jwenn byenfè. Henrick ak Hilja-Maria ki te soti Itsjoki fè konnen “moun nan zòn nan te ka wè jan Bib la ka itil kominote Sami yo”. Lauri ak Inga ki te soti Itsjoki tou fè konnen: “Kanpay sa a fè nou sonje Bondye pa gen patipri. Nou kontan demontre lanmou li anvè moun ki abite nan zòn ki izole sa yo.”

^ § 3 Gen plizyè varyete nan lang Sami yo pale a (yo rele lang sa yo same tou). Men sa yon ansiklopedi fè konnen: “Gen plis moun ki pale lang same nò a. Sou chak twa moun nan popilasyon Sami an, gen de ki pale l.” (Encyclopædia Britannica) Temwen Jewova yo tradui piblikasyon yo nan lang same nò a. Pou pi fasil, nan atik sa a, n ap itilize “same” lè n ap pale de lang pifò moun yo pale a.