Al gade sa k anndan l

Poukisa Temwen Jewova yo pa rele kote yo reyini an legliz?

Poukisa Temwen Jewova yo pa rele kote yo reyini an legliz?

 Nan Bib la, mo grèk lè yo tradui l yo mete “legliz” pafwa pou li a fè referans ak yon gwoup moun k ap adore Bondye, li pa fè referans ak kote moun yo reyini an.

 Pa egzanp, lè apot Pòl te ekri kretyen ki t ap viv Wòm yo, li te voye salye Akila ak Priska ki se mari ak madanm. Men sa l te di apre sa: “Di legliz ki sanble lakay yo a bonjou tou.” (Women 16:5, Bib la). Se pa t kote moun yo te konn reyini an Pòl te voye salye, men se moun yo, sètadi legliz ki te konn reyini nan kay sa a a, Pòl te voye salye.

 Donk, olye Temwen Jewova yo rele kote yo reyini an legliz, yo pito rele kote yo reyini an “Sal Wayòm”.

Poukisa nou rele l “Sal Wayòm Temwen Jewova”?

 Gen plizyè rezon ki fè li apwopriye pou nou ba l non sa a:

  •   Batiman nou itilize a se yon sal oswa yon kote pou moun reyini.

  •   Nou reyini pou nou adore Jewova, Bondye Bib la pale de li a, e nou reyini pou nou pale de Bondye sa a. — Sòm 83:18; Izayi 43:12.

  •   Anplis de sa, nou reyini pou nou aprann konnen Wayòm Bondye a, Wayòm Jezi te souvan pale de li a. — Matye 6:9, 10; 24:14; Lik 4:43.

 Nou envite w al vizite Sal Wayòm ki toupre lakay ou a pou w ka wè kòman Temwen Jewova yo fè reyinyon yo.

a Yo itilize menm ekspresyon sa a nan 1 Korentyen 16:19, Kolosyen 4:15 ak Filemon 2.