Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Veye pou w pa pran nan fo enfòmasyon

Veye pou w pa pran nan fo enfòmasyon

 Jodi a, li pi fasil pou w jwenn enfòmasyon pase nenpòt lòt epòk. Pa egzanp, ou ka jwenn enfòmasyon ki ka ede w pwoteje tèt ou epi ret an sante. Men, lè w ap fè rechèch, ou dwe fè atansyon pou w pa pran nan fo enfòmasyon tankou:

 Pa egzanp, pandan pandemi Kowonaviris la, sekretè jeneral Nasyonzini an te avèti moun yo pou yo pa pran nan fo enfòmasyon, ki te gaye tankou yon epidemi. Li te fè konnen “moun ap gaye move konsèy sou sa pou moun fè pou maladi a ak fo remèd”. Men sa l di ankò: “Se pa de manti yo pa bay nan radyo ak nan televizyon. Moun ap gaye yon seri teyori konplo sou Entènèt. Yon pakèt moun ap pale e y ap aji yon fason ki montre jan yo gen lahèn ak prejije nan kè yo kont lòt gwoup moun.”

 Se vre, se pa premye fwa moun ap bay fo enfòmasyon. Men, Bib la te anonse nan epòk nou an, ‘moun ki mechan ansanm ak moun ki mètdam t ap vin pi mal toujou, yo t ap twonpe moun e yo t ap twonpe tèt yo’. (2 Timote 3:1, 13.) E kounye a, menm lè nou pa gen move entansyon, Entènèt pèmèt nou resevwa epi gaye fo nouvèl sa yo pi fasil e pi rapid pase kèlkeswa epòk la. Se sa k fè, imel nou, rezo sosyal nou itilize ak nouvèl nou resevwa sou aparèy elektwonik nou yo ka vin chaje ak enfòmasyon ki pa egzak.

 Ki jan w ka veye pou w pa pran nan fo enfòmasyon ak nan teyori konplo? Gade kèk prensip nan Bib la ki ka ede w.

  •   Pa kouri kwè tout sa w wè ak tout sa w tande

     Sa Bib la di: “Moun ki pa konprann anyen an kwè tout sa moun di, men, moun ki gen lespri a veye chak pa l fè.” — Pwovèb 14:15.

     Yo ka twonpe nou byen fasil si nou pa veye. Pa egzanp, gen yon seri foto ki gen yon ti pawòl ekri sou yo oswa yon seri ti videyo tou kout yo gaye sou Entènèt, sitou sou rezo sosyal yo. Byen souvan yo fè bagay sa yo, yo konn rele meme, pou fè moun ri. Men, li fasil pou moun fè chanjman nan foto ak nan ti videyo sa yo oswa li fasil pou yo fè konprann yon bagay ki diferan nèt ak sa yon moun te ka konprann si l te wè tout videyo a nèt. Moun ka menm fè videyo kote yo fè moun di oswa fè yon seri bagay yo pa t janm ni di, ni fè vre.

     “Moun k ap fè rechèch yo remake pifò fo enfòmasyon yo jwenn sou rezo sosyal yo gen foto ak videyo, tankou ‘meme’ yo, ki fè konprann yon bagay ki pa sa.” — Axios Media.

     Mande tèt ou: ‘Èske sa a se bonjan nouvèl oubyen èske se yon meme li ye?’

  •   Reflechi sou kote enfòmasyon an soti ak sa l di

     Sa Bib la di: “Verifye tout bagay.” — 1 Tesalonisyen 5:21.

     Anvan w kwè nan yon istwa oswa anvan w voye l bay lòt moun, menm lè se yon istwa ki gaye toupatou oubyen se nan nouvèl ou te tande l, verifye si se verite. Ki jan?

     Gade si w ka fè kote l soti a konfyans. Konpayi ki bay nouvèl yo ak lòt òganizasyon ka prezante yon istwa yon fason ki nan enterè yo oswa ki soutni preferans politik yo. Lè w jwenn yon nouvèl yon kote, konpare l ak sa yon lòt sous di. Pafwa, zanmi nou ka gaye fo enfòmasyon pa mwayen imel oswa sa yo poste sou rezo sosyal yo san yo pa rann yo kont. Kidonk, pa kouri kwè nan yon nouvèl toutotan w pa verifye kote l soti.

     Verifye si sa l di a se yon bagay ki te fèt nan moman an vre e ki egzak. Chèche dat, bagay ou ka verifye ak bonjan prèv ki kore sa y ap di yo. Se pou w pi veyatif si yo fè yon enfòmasyon ki konplike parèt twò senp oswa si yo ranje rapò a pou pwovoke yon reyaksyon lakay moun yo.

     “Kounye a, chèche verifye si enfòmasyon yo ba w se laverite, vin gen menm enpòtans ak lave men w.” — Sridhar Dharmapuri, yon responsab sekirite nan domèn manje pou Nasyonzini.

     Mande tèt ou: ‘Èske nouvèl sa a pa fè l difisil pou yon moun fè diferans ant sa ki verite ak sa ki opinyon yon lòt moun, oubyen èske li bay yon sèl aspè nan istwa a?’

  •   Se verite ki pou gide w, se pa sa w prefere

     Sa Bib la di: “Yon moun ki kwè nan tèt li se yon moun ki sòt.” — Pwovèb 28:26.

     Nou gen tandans fè yon enfòmasyon konfyans lè l di sa n vle kwè. E byen souvan, konpayi Entènèt yo fè nou jwenn nouvèl oswa enfòmasyon nan rezo sosyal nou itilize yo ki koresponn ak sa k enterese nou oubyen sa n abitye chèche. Men, se pa paske nou renmen tande yon bagay ki vle di se sa nou toujou bezwen tande.

     “Nòmalman moun gen kapasite pou yo reflechi e pou yo aji yon fason ki rezonab. Men, sa nou swete, sa nou espere ak sa k pouse n aji konn fè n kwè yon bagay se verite si l sanble ak sa nou vle kwè.” — Peter Ditto, yon sikològ sosyal.

     Mande tèt ou: ‘Èske m fè enfòmasyon sa a konfyans sèlman paske se sa m anvi kwè?’

  •   Anpeche fo enfòmasyon yo gaye

     Sa Bib la di: “Nou pa dwe gaye yon enfòmasyon ki pa verite.” — Egzòd 23:1.

     Sonje sa, enfòmasyon w ap pataje ak lòt moun gen pouvwa pou yo aji sou fason yo panse ak aksyon yo. Menm lè w pataje fo enfòmasyon yo san se pa t entansyon w, sa ka gen move efè sou lòt moun.

     “Prensipal bagay yo ankouraje w fè se ralanti epi mande tèt ou ‘èske m fè bagay sa a konfyans ase pou m pataje l ak lòt moun?’ Si tout moun ta fè sa, nou t ap wè gen mwens fo enfòmasyon lontan ki gaye sou Entènèt.” — Peter Adams, yon vis prezidan nan News Literacy Project.

     Mande tèt ou: ‘Èske m ap pataje enfòmasyon sa a paske m konnen se laverite?’