Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | LÈ W GEN YON MOUN PA W KI MOURI

Fason pou w konsole moun ki nan lapenn yo

Fason pou w konsole moun ki nan lapenn yo

Èske w konn santi w initil lè yon moun ki pwòch ou ap kriye akoz yon moun pa l ki mouri? Pafwa, nou ka pa konn sa pou n di oswa sa pou n fè, konsa nou pa di anyen e nou pa fè anyen. Sepandan, gen bagay k ap itil moun nan nou kapab fè.

Souvan, tout sa w bezwen se la avèk moun nan, epi w ka di yon ti pawòl tou senp tankou: “Sa fè m mal anpil.” Nan anpil kilti, yon fason ki bon moun yo konn fè pou montre jan sa touche yo se anbrase yo konn anbrase moun nan oswa yo konn ba l lamen ak jantiyès. Si moun ki nan lapenn nan vle pale, koute l pandan w ap mete w nan plas li. Pi bon fason an, se fè yon bagay pou fanmi ki nan lapenn nan, petèt yon travay moun ki nan lapenn nan pa ka fè, pa egzanp, kuit manje, pran swen timoun, oswa ede l nan aranjman y ap fè pou antèman an, si sa nesesè. Kalite aksyon sa yo ka gen plis fòs pase pi bèl pawòl ki te ka genyen an.

Avèk letan, ou ka anvi pale de moun ki mouri a, petèt ou ka vle pale de bèl kalite l te genyen oswa kèk bèl eksperyans nou te fè. Konvèsasyon sa yo ka menm fè yon ti souri vin sou figi moun ki nan lapenn nan. Annou pran egzanp Pam, yon dam ki pèdi mari l ki te rele Yan, sa gen sizan. Men sa l di: “Gen moun ki konn di bon bagay Yan te fè mwen pa t janm konnen, e sa konn fè m santi m byen nan kè m.”

Gen moun k ap fè rechèch ki di anpil moun ki nan lapenn resevwa anpil èd okòmansman, men apre yon ti tan, yo bliye bezwen yo genyen yo, piske zanmi yo rekòmanse okipe aktivite yo gen nan lavi pa yo. Se sa k fè, li bon pou n chèche vizite yon zanmi ki gen yon moun ki mouri yon fason regilye apre lanmò a. * Anpil moun ki nan lapenn apresye anpil okazyon sa a yo genyen pou yo jwenn soulajman anba tristès yo genyen pandan yon tan.

Annou pran egzanp Kaori, yon dam japonè ki te gen anpil lapenn lè manman l mouri ak lè yon sè l ki pi gran pase l te mouri tou, 15 mwa apre. Erezman, li te kontinye jwenn èd nan men zanmi fidèl li te genyen yo. Youn ladan yo ki rele Ritsuko, pi gran pase Kaori, li te pwomèt pou l yon bon zanmi pou li. Men sa Kaori di: “Franchman, sa pa t fè m kontan. Mwen pa t vle okenn moun pran plas manman m, e m pa t panse gen moun ki ta ka ranplase l. Men, jan Mama Ritsuko te boule avè m te fè m pwòch li. Chak semèn, nou te konn ale nan travay predikasyon an ansanm e nou te ale nan reyinyon yo ansanm. Li te envite m vin bwè te avè l, li te pot manje pou mwen, li te voye lèt ak kat ban mwen yon pakèt fwa. Bèl fason Mama Ritsuko te boule avè m nan te gen yon bon efè sou mwen.”

Douz an deja pase depi manman Kaori mouri, e jodi a, li menm ak mari l se moun k ap preche bon nouvèl la aplentan. Men sa Kaori di: “Mama Ritsuko kontinye montre li gen sousi pou mwen. Lè m retounen lakay, mwen toujou al vizite l e m renmen pase tan avè l pou m jwenn ankourajman.”

Yon lòt egzanp moun ki te kontinye resevwa èd se Poli, yon Temwen Jewova k ap viv nan peyi Chip. Poli te gen yon bon mari, Sozos, ki te bay bon egzanp antanke yon bèje kretyen, paske souvan li te envite moun ki òfelen ak moun ki vèv lakay li pou l pase tan avèk yo e pou yo manje (Jak 1:27). Malerezman, Sozos te mouri a 53 an, akoz yon timè li te gen nan sèvo l. Men sa Poli di: “Mwen te pèdi mari m ki te fidèl. Mwen te viv 33 an maryaj avè l.”

Chèche jwenn fason ki pratik pou w ede moun ki nan lapenn akoz yo gen moun pa yo ki mouri.

Apre antèman an, Poli t al Kanada avèk Daniel, pitit gason l ki pi piti a, ki gen 15 an. Nan peyi sa a, yo te kòmanse ale nan yon kongregasyon Temwen Jewova. Men sa Poli raple l: “Zanmi m gen nan kongregasyon m vin ye a pa t konn anyen sou sa k te rive nou an ak sitiyasyon difisil yo. Men, sa pa t anpeche yo vin pwòch nou epi antoure nou, yo te di nou bèl ti pawòl e yo te ban nou èd pratik. Se pa ti enpòtan èd sa a te enpòtan pou nou, sitou nan moman kote pitit gason m nan te bezwen papa l plis! Moun ki responsab nan kongregasyon an te montre yo gen sousi pou Daniel anpil. An patikilye, youn ladan yo te veye pou Daniel la lè l ap pase tan ak zanmi l yo oswa lè yo pral jwe foutbòl.” Ni manman an ni pitit gason l lan santi yo byen jodi a.

Pa gen dout nan sa, gen anpil fason nou ka bay èd pratik e nou ka konsole moun ki nan lapenn yo. Mete sou sa, Labib konsole nou grasa bèl esperans li ban nou pou lavni an.

^ § 6 Gen kèk moun ki menm make dat lanmò a nan yon almanak pou yo ka sonje pou yo bay zanmi an rekonfò lè l ap ka pi bezwen sa, se kapab nan dat lanmò a oswa nan yon lè ki pa twò lwen dat sa a.