Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Non Bondye (yo ankadre l), jan l parèt nan yon ansyen maniskri Labib.

Ki sa Bib la di?

Ki sa Bib la di?

Èske Bondye gen yon non?

GEN MOUN KI DI Bondye pa gen non, gen lòt ki di li rele Bondye oswa Seyè oubyen Letènèl e gen lòt moun ki di li gen anpil non. E ou menm, ki sa w panse?

MEN SA BIB LA DI:

“Ou menm, ki rele Jewova, ou se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an e ki gen pouvwa sou tout tè a.” — Sòm 83:18.

KI LÒT BAGAY NOU KA APRANN NAN BIB LA?

  • Byenke Bondye gen plizyè tit, li bay tèt li yon sèl non. — Egzòd 3:15.

  • Bondye pa yon mistè; li vle nou konnen l. — Travay 17:27.

  • Lè nou konnen non Bondye, se premye bagay ki kapab fè nou gen yon bon relasyon avè l. — Jak 4:8.

Èske li mal pou nou site non Bondye?

ÈSKE W T AP DI?

  • Wi

  • Non

  • Sa depan

MEN SA BIB LA DI:

“Nou pa dwe mal sèvi ak non Jewova, Bondye nou an.” ​(Egzòd 20:7). Se sèlman lè nou sèvi ak non Bondye yon fason ki montre nou pa gen respè pou non l, nou mal sèvi ak non sa a. — Jeremi 29:9.

KI LÒT BAGAY NOU KA APRANN NAN BIB LA?

  • Jezi te konnen non Bondye e li te konn sèvi avè l. — Jan 17:25, 26.

  • Bondye mande nou pou nou site non l lè n ap pale avè l. — Sòm 105:1.

  • Ènmi Bondye yo ap fè efò pou yo fè moun bliye non Bondye. — Jeremi 23:27.