Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LABIB CHANJE LAVI MOUN

Mwen te aprann gen respè pou fi ak pou tèt mwen

Mwen te aprann gen respè pou fi ak pou tèt mwen
  • ANE LI FÈT: 1960

  • PEYI KOTE LI SOTI: LAFRANS

  • ANVAN: YON DWOGE VYOLAN KI PA T GEN RESPÈ POU FI

VI MWEN T AP MENNEN:

Mwen fèt Mulhouse, nan nòdès peyi Lafrans, nan yon katye popilè moun te byen konnen akoz vyolans ki te gen ladan l. Mwen sonje lè m te piti, te konn gen gwo diskisyon nan fanmi yo nan zòn nan. Nan fanmi nou, yo te konn meprize fi e se raman gason te konn pale avèk yo. Yo te aprann mwen plas yon fi se nan kuizin, yo la pou yo pran swen gason ak timoun.

Mwen pa t gen yon bèl anfans. Lè mwen te gen dizan, papa m te mouri e sa te fè m lage kò m nan bwè alkòl. Senkan apre, youn nan gran frè m yo te touye tèt li. Nan menm ane a, mwen te temwen yon asasinay ki te fèt nan yon batay ki te gen nan yon fanmi, e sa te choke m anpil. Kèk manm fanmi m te aprann mwen jan pou m sèvi ak kouto ak zam pou m batay lè sa nesesè. Antanke yon jèn gason ki te twouble, mwen te kòmanse kouvri kò m ak tatwaj e m te kòmanse bwè.

Lè m te gen 16 an, mwen te konn bwè ant 10 a 15 boutèy byè chak jou, e sa pa t pran tan pou m te kòmanse pran dwòg. Pou m te ka satisfè vis mwen yo, mwen te konn vann ti moso metal e m te konn vòlè. A 17 an, yo te deja mete m nan prizon. Mwen te resevwa 18 pèn antou pou vòl ak vyolans.

Lè m te nan kòmansman ventèn mwen, sitiyasyon m te vin pi mal. Chak jou, mwen te konn fimen 20 jwen mariwana e m te konn pran ewoyin ak lòt pwodui Leta te entèdi. Plizyè fwa, mwen manke mouri paske dòz yo te twòp pou mwen. Mwen te kòmanse vann dwòg, konsa mwen te toujou gen kouto ak zam sou mwen. Yon fwa, mwen te eseye tire yon mesye, men erezman pou li, bal la te frape nan bouk sentiwon li! Lè m te gen 24 an manman m te mouri, e m te vin pi vyolan. Lè moun ki t ap mache nan lari yo t ap vin rankontre avè m yo te pè e yo te travèse lòt bò lari a. Piske m te konn batay, souvan mwen te konn pase wikenn mwen nan pòs polis oswa nan lopital apre yo fin koud kote m blese yo.

Mwen te marye a 28 an. Jan nou ka panse sa, mwen pa t trete madanm mwen avèk respè. Mwen te konn joure l e m te konn bat li. Antanke koup, nou pa t konn fè anyen ansanm. Mwen te panse sèl sa m gen pou m fè pou li se benyen l ak bijou mwen te vòlè yo. Epi, se konsa yon bagay nou pa t atann te rive. Madanm mwen te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo. Apre premye etid li, li te sispann fimen, li pa t aksepte nan menm lajan m te konn vòlè yo, e li te remèt mwen bijou li yo. Mwen te fache. Mwen te opoze ak etid Labib li t ap fè a e m te konn voye lafimen sigarèt nan figi l. Anplis de sa, mwen te konn fawouche l sou tout katye nou an.

Yon nuit, pandan m te sou, mwen te mete dife nan kay nou te rete a. Madanm mwen te sove m ansanm ak pitit fi nou an ki gen senkan anba dife a. Lè efè alkòl la pase, mwen te santi m koupab. Nan fon kè m, mwen te panse Bondye pa t ap janm padone m. Mwen sonje yon fwa gen yon prèt ki te di mechan yo al nan lanfè. Menm sikyat ki t ap pran swen m nan te di m: “Ou rive twò lwen! Pa gen chape pou ou.”

FASON LABIB CHANJE LAVI M:

Apre dife a, mwen t al viv lakay paran madanm mwen. Lè Temwen yo te vin vizite madanm mwen, mwen te mande yo, “Èske Bondye ap padone tout peche m yo?” Yo te montre m 1 Korentyen 6:9-11 nan Bib la. Pasaj sa a gen yon lis konduit Bondye kondane, men li di tou: “Se sa kèk nan nou te ye.” Pawòl sa yo te fè m sèten li posib pou m chanje. Anplis de sa, Temwen yo te asire m Bondye renmen m lè yo te montre m 1 Jan 4:8. Mwen te santi m ankouraje, mwen te mande Temwen yo pou yo etidye Labib avè m de fwa pa semèn, e m te kòmanse asiste reyinyon yo. Mwen te toujou priye Jewova.

Nan espas yon mwa, mwen te deside pou m pa pran dwòg e pou m pa bwè alkòl ankò. Byen vit, mwen te santi m t ap batay kont kò mwen! Mwen te soufri akoz move rèv, tèt fè mal, kranp ak lòt sentòm ki fè m santi m manke yon bagay. Sepandan, nan menm moman an, mwen te santi Jewova pran men m epi li ban m fòs. Mwen te santi m menm jan apot Pòl te santi l la. Men sa Pòl te ekri konsènan èd Bondye te ba li: “Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan.” ​(Filipyen 4:13). Avèk letan, mwen te rive sispann fimen sigarèt. — 2 Korentyen 7:1.

Nonsèlman Labib te ede m kontwole lavi m, men tou li te amelyore lavi fanmi m. Konpòtman m te genyen anvè madanm mwen te chanje. Mwen te kòmanse montre plis respè pou li e m te konn di l “tanpri” ak “mèsi”. Epitou, mwen te kòmanse montre m yon vrè papa pou pitit fi nou an. Apre m fin pase yon ane ap etidye Bib la, mwen te vwe lavi m bay Jewova epi m te batize, konsa, mwen te suiv egzanp madanm mwen.

BYENFÈ MWEN JWENN:

Mwen sèten prensip ki nan Bib la te sove lavi m. Menm manm fanmi m ki pa Temwen rann yo kont mwen te ka mouri akoz dwòg mwen te konn pran yo oubyen yo te ka touye m nan yon batay.

Lavi fanmi mwen te chanje nèt grasa ansèyman ki nan Bib la ki montre responsablite mwen genyen antanke yon mari e antanke papa (Efezyen 5:25; 6:4). Nou te kòmanse fè yon seri bagay ansanm antanke yon fanmi. Kounye a, olye m limite madanm mwen pou l okipe l de kuizin sèlman, mwen kontan ede l nan travay l ap fè antanke sèvitè aplentan. E li kontan soutni m nan responsablite mwen genyen nan kongregasyon an antanke ansyen.

Jewova, Bondye lanmou ak mizèrikòd la, vrèman enfliyanse lavi m. Mwen gen gwo anvi pou m pale de bèl kalite Jewova yo ak moun ki dezespere, paske gen anpil moun ki te konsidere m konsa. Mwen konnen Bib la gen pouvwa pou l ede nenpòt moun vin pwòp e pou lavi l gen yon sans. Nonsèlman Bib la anseye m pou m renmen lòt moun e pou m gen respè pou yo, gason kou fi, men tou li pèmèt mwen gen respè pou tèt mwen.