Al gade sa k anndan l

Èske Dyab la kapab fè moun fè sa l vle?

Èske Dyab la kapab fè moun fè sa l vle?

Repons Bib la bay

 Dyab la ak demon yo tèlman reyisi fè moun fè sa yo vle, men ki sa Bib la di: “Latè anba pouvwa Satan.” (1 Jan 5:19, Bib la). Bib la montre kèk fason Dyab la rive fè moun fè sa l vle.

  •   Twonpri. Bib la ankouraje kretyen yo pou yo “kenbe tèt anba riz Satan”. (Efezyen 6:11, Bib la.) Youn nan riz li itilize se fè moun konprann akolit li yo se sèvitè Bondye. — 2 Korentyen 11:13-15.

  •   Bagay ki gen rapò ak movèzespri. Pou Dyab la ka twonpe moun, li sèvi ak moun k ap pran kontak ak movèzespri, moun k ap fè konnen sa k pral rive, divinò ak moun k ap fè astwoloji (Detewonòm 18:10-12). Demon yo ka rive jwe nan lespri moun k ap pran dwòg, k ap ipnotize moun e k ap chèche libere lespri yo grasa yon seri teknik meditasyon byen fasil. — Lik 11:24-26.

  •   Fo relijyon. Relijyon k ap anseye fo doktrin twonpe moun e yo fè yo dezobeyi Bondye (1 Korentyen 10:20). Bib la rele fo doktrin y ap anseye yo “ansèyman demon”. — 1 Timote 4:1.

  •   Moun ki gen demon sou yo. Bib la pale de kèk moun ki te gen demon sou yo. Pafwa, demon yo konn fè moun sa yo vin avèg oswa bèbè, oubyen yo konn menm fè yo fè tèt yo mal. — Matye 12:22; Mak 5:2-5.

Fason n ka pa kite Dyab la fè n fè sa l vle

 Ou pa bezwen ap viv ak kè sote tèlman w pè pou demon yo pa fè w fè sa yo vle, paske Bib la montre ki jan w ka rive opoze ak Dyab la:

  •   Aprann rekonèt manèv Dyab la itilize yo pou w ka “konn entansyon l”. — 2 Korentyen 2:11.

  •   Chèche gen konesans ki nan Bib la, epi viv ann amoni ak sa w aprann yo. Lè w viv ann amoni ak prensip ki nan Bib la, sa ap pwoteje w pou Dyab la pa fè w fè sa l vle. — Efezyen 6:11-18.

  •   Jete nenpòt bagay ou genyen ki gen rapò ak demon (Travay 19:19). Pami bagay sa yo gen mizik, liv, peryodik, postè ak videyo ki ankouraje moun mele nan bagay ki gen rapò ak movèzespri.