Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Èske detant ki gen rapò ak bagay mistik san danje?

Èske detant ki gen rapò ak bagay mistik san danje?

 Sa w panse?

  •   Èske gen yon mal pou moun suiv owoskòp, pou yo sèvi ak planchèt Ouija oswa pou yo pale ak divinò?

  •   Èske istwa ki gen rapò ak movèzespri yo se jis istwa kote sa ki mal ap lite ak sa ki byen oswa èske gen lòt bagay dèyè yo?

 Atik sa a pral pale sou rezon ki fè detant ki gen rapò ak movèzespri kapab atiran ak rezon ki fè nou dwe pran prekosyon.

 Sa k fè yo atiran?

 Moun k ap fè detant yo fè anpil lajan nan fè fim, emisyon televizyon, jwèt videyo ak liv ki gen rapò ak movèzespri. Kòm rezilta, anpil jèn vin enterese nan yon seri bagay tankou astwoloji, demon, vanpi ak sòsyè. Pou ki rezon? Men kèk nan rezon yo:

  •   Yo ta renmen konnen: Yo vle konnen si espri yo egziste vre.

  •   Y ap poze tèt yo kesyon: Y ap eseye konnen ki sa demen ap pote.

  •   Yo vle kominike: Y ap chèche kominike ak yon moun yo genyen ki mouri.

 Rezon sa yo kapab pa yon mal an yo menm. Pa egzanp, li nòmal pou yon moun poze kesyon anrapò ak sa k gen pou rive demen oswa pou yo sonje yon moun pa yo ki mouri. Men, gen kèk danje nou dwe konnen.

 Poukisa pou n pran prekosyon?

 Nan Bib la, nou jwenn konsèy fèm pou nou pa pran kontak ak movèzespri. Pa egzanp, men sa l di:

 “Pa dwe gen okenn moun nan mitan nou ki boule pitit gason l oswa pitit fi l nan dife, ni moun k ap fè divinò, ni moun k ap fè maji, ni moun k ap chèche konnen sa k pral rive demen, ni moun k ap fè wanga dèyè moun, ni moun k al wè moun ki kapab fè yo pran kontak ak movèzespri, ni moun k ap fè moun konnen sa k pral rive yo, ni moun ki konn chèche pale ak mò. Moun ki fè bagay sa yo, se moun ki bay Jewova degoutans.” — Detewonòm 18:10-12.

 Sa k fè Bib la kondane tout sa ki gen rapò ak movèzespri yon fason ki fèm konsa?

  •   Pratik ki gen rapò ak movèzespri yo fè moun soutni demon yo. Bib la anseye nou gen zanj ki te vire do bay Bondye e sa te fè yo vin ènmi Bondye (Jenèz 6:2; Jid 6). Zanj mechan sa yo, yo rele demon tou, twonpe moun pa mwayen moun ki fè yo pran kontak ak mò, pa mwayen moun k ap fè moun konnen sa k pral rive yo, pa mwayen divinasyon e pa mwayen astwoloji. Si nou ta ap pratike bagay sa yo, nou t ap vin zanmi moun ki ènmi Bondye.

  •   Pratik ki gen rapò ak movèzespri yo fè moun gaye manti ki fè kwè lèzòm kapab fè konnen sa k pral rive alavni. Alòske, se sèlman Bondye ki ka di: “Depi nan kòmansman yon bagay, mwen di ki jan l ap fini, e depi byen lontan, mwen anonse bagay ki poko rive yo.” — Ezayi 46:10; Jak 4:13, 14.

  •   Pratik ki gen rapò ak movèzespri yo fè moun gaye manti ki fè kwè moun ki mouri yo ka pale ak moun ki vivan yo. Sepandan, men ki sa Bib la di: “Moun ki mouri yo pa konn anyen ditou. […] Pa gen ni travay, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Tonm.” — Eklezyas 9:5, 10.

 Se pou rezon sa yo, Temwen Jewova yo kouri pou pratik ki gen rapò ak movèzespri. Yo evite detant ki prezante yon seri bagay tankou zonbi, vanpi ak bagay mistik. Men ki sa yon jèn fi ki rele Maria di: “Si [yon detant] gen bagay ki gen rapò ak movèzespri, sa vle di mwen pa dwe gade l.” a

Menm jan yon kriminèl ka eseye twonpe w pou fè w panse li se yon lòt moun, demon yo pran pòz yo se moun ki mouri yo.

 Sa w ka fè

  •   Pran detèminasyon pou konsyans ou ret klè devan Jewova lè w evite tout pratik oswa detant ki gen rapò ak movèzespri. — Travay 24:16.

  •   Jete nenpòt bagay ou genyen ki gen rapò ak movèzespri. Li Travay 19:19, 20, epi gade bon egzanp kretyen nan premye syèk yo te bay nan sans sa a.

 a w dwe sonje: Lè w kouri pou pratik oswa detant ki gen rapò ak movèzespri, ou montre aklè ou pran pozisyon pou Jewova. E sa fè kè l kontan! — Pwovèb 27:11.

a Sa pa vle di tout istwa ki pa reyèl gen rapò ak movèzespri. Men, kretyen yo sèvi ak konsyans yo ki fòme grasa Labib pou yo evite kèlkeswa pratik oswa detant ki gen rapò ak movèzespri. — 2 Korentyen 6:17; Ebre 5:14.