Al gade sa k anndan l

Èske pwofesi ki gen rapò ak Mesi a bay prèv se Jezi ki Mesi a?

Èske pwofesi ki gen rapò ak Mesi a bay prèv se Jezi ki Mesi a?

Repons Bib la bay

 Wi. Lè Jezi te sou tè a, li te akonpli yon pakèt pwofesi anrapò ak “Mesi a, Gid la,” sila a ki t ap vin “sovè monn nan”. (Dànyèl 9:25; 1 Jan 4:14.) Menm apre Jezi fin mouri, li te kontinye akonpli pwofesi ki gen rapò ak Mesi a. — Sòm 110:1; Travay 2:34-36.

 Ki sa mo “Mesi” a vle di?

 Mo ebre Machyach, lè yo tradui l yo mete “Mesi” pou li a, ak mo grèk Kristòs, lè yo tradui l yo mete “Kris” pou li a, vle di “Moun Bondye chwazi a.” Kidonk, “Jezi Kris” vle di “Jezi moun Bondye chwazi a” oubyen “Jezi Mesi a”.

 Nan tan biblik yo, byen souvan yo te konn vide luil sou tèt yon moun yo chwazi pou mete nan yon pozisyon espesyal ki montre li gen otorite (Levitik 8:12; 1 Samyèl 16:13). Se Bondye ki te chwazi Jezi pou l vin Mesi a, yon pozisyon ki montre li gen gwo pouvwa (Travay 2:36). Men, Bondye pa t vide luil sou tèt Jezi pou l chwazi l, Bondye te fè sa pa mwayen lespri sen. — Matye 3:16.

 Èske l posib pou plizyè moun te akonpli pwofesi ki gen rapò ak Mesi a?

 Non. Menm jan anprent yon moun idantifye moun nan sèlman, se konsa tou, akonplisman pwofesi ki nan Bib la idantifye yon sèl Mesi oswa Kris. Sepandan, Bib la fè nou konnen “gen fo Kris ak fo pwofèt ki pral parèt, e yo pral fè gwo mirak ak gwo mèvèy pou yo ka twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa posib.” — Matye 24:24.

 Èske l posib pou se alavni Mesi a parèt?

 Non. Bib la te anonse Mesi a t ap yon desandan David, yon wa an  Izrayèl (Sòm 89:3, 4). Sepandan, rejis fanmi Juif yo, soti sou David, te pèdi. Sanble yo te detwi yo lè Women yo te anvayi Jerizalèm nan ane 70 epòk nou an. a Depi lè sa a, pèsonn pa ka bay prèv li soti nan fanmi wa David. Epoutan, rejis sa yo te egziste nan epòk Jezi a, paske menm ènmi Jezi yo pa t ka demanti Jezi lè l te fè konnen li se yon desandan David. — Matye 22:41-46.

 Konbyen pwofesi anrapò ak Mesi a ki gen nan Bib la?

 Nou pa ka di egzakteman konbyen pwofesi anrapò ak Mesi a ki genyen, paske menm nan vèsè ki pale aklè de Mesi a, fason yo konte pwofesi sa yo kapab diferan. Pa egzanp, nan Ezayi 53:2-7 gen plizyè pwofesi ki gen rapò ak Mesi a. Kèk moun ka konsidere vèsè sa yo kòm yon sèl pwofesi, men, gen lòt moun ki ka konsidere chak aspè nan vèsè sa yo kòm yon pwofesi.

 Kèk pwofesi anrapò ak Mesi a ki te akonpli sou Jezi

Pwofesi

Kote nou jwenn li

Akonplisman

L ap yon desandan Abraram

Jenèz 22:17, 18

Matye 1:1

L ap yon desandan Izarak, pitit gason Abraram

Jenèz 17:19

Matye 1:2

L ap fèt ann Izrayèl nan tribi Jida a

Jenèz 49:10

Matye 1:1, 3

L ap soti nan liy fanmi wa David

Ezayi 9:7

Matye 1:1

Se yon jèn fi vyèj k ap manman l

Ezayi 7:14

Matye 1:18, 22, 23

L ap fèt nan vil Betleyèm

Miche 5:2

Matye 2:1, 5, 6

Yo t ap rele l Emànyèl b

Ezayi 7:14

Matye 1:21-23

L ap fèt nan yon fanmi ki pa gen gwo mwayen

Ezayi 53:2

Lik 2:7

Apre l fin fèt, y ap touye anpil timoun

Jeremi 31:15

Matye 2:16-18

Yo rele l pou l kite peyi Ejip

Oze 11:1

Matye 2:13-15

Yo t ap rele l moun Nazarèt c

Ezayi 11:1

Matye 2:23

Yo t ap voye yon mesaje anvan l

Malachi 3:1

Matye 11:7-10

Yo t ap chwazi l antanke Mesi nan ane 29 epòk nou an d

Dànyèl 9:25

Matye 3:13-17

Bondye te rekonèt li kòm pitit gason l

Sòm 2:7

Travay 13:33, 34

Li gen lanmou pou kay Bondye a

Sòm 69:9

Jan 2:13-17

Li se yon pwoklamatè bon nouvèl la

Ezayi 61:1

Lik 4:16-21

Travay predikasyon li te fè nan Galile a briye tankou limyè

Ezayi 9:1, 2

Matye 4:13-16

Yon moun ki konn fè mirak menm jan ak Moyiz

Detewonòm 18:15

Travay 2:22

Menm jan ak Moyiz, li te konn fè konnen panse Bondye

Detewonòm 18:18, 19

Jan 12:49

Li te geri anpil moun

Ezayi 53:4

Matye 8:16, 17

Li pa t atire atansyon sou tèt li

Ezayi 42:2

Matye 12:17, 19

Li te montre konpasyon pou moun y ap toupizi yo

Ezayi 42:3

Matye 12:9-20; Mak 6:34

Li te fè wè jistis Bondye

Ezayi 42:1, 4

Matye 12:17-20

Yon gran konseye

Ezayi 9:6, 7

Jan 6:68

Li te fè konnen non Bondye

Sòm 22:22

Jan 17:6

Li te sèvi ak egzanp pou l pale

Sòm 78:2

Matye 13:34, 35

Yon Gid

Dànyèl 9:25

Matye 23:10

Anpil moun pa t kwè nan li

Ezayi 53:1

Jan 12:37, 38

Yon wòch pou fè moun bite

Ezayi 8:14, 15

Matye 21:42-44

Lèzòm te rejte l

Sòm 118:22, 23

Travay 4:10, 11

Yo te rayi l san rezon

Sòm 69:4

Jan 15:24, 25

Li te antre Jerizalèm tankou yon wa sou do yon bourik

Zakari 9:9

Matye 21:4-9

Timoun piti te fè lwanj pou li

Sòm 8:2

Matye 21:15, 16

Li te vini nan non Jewova

Sòm 118:26

Jan 12:12, 13

Yon bon zanmi l te trayi l

Sòm 41:9

Jan 13:18

Yo te trayi l pou 30 pyès monnen ann ajan e

Zakari 11:12, 13

Matye 26:14-16; 27:3-10

Zanmi l yo te abandone l

Zakari 13:7

Matye 26:31, 56

Fo temwen te vin temwaye kont li

Sòm 35:11

Matye 26:59-61

Li pa t reponn lè yo te akize l

Ezayi 53:7

Matye 27:12-14

Yo te krache sou li

Ezayi 50:6

Matye 26:67; 27:27, 30

Yo te frape l nan tèt

Miche 5:1

Mak 15:19

Yo te bat li

Ezayi 50:6

Jan 19:1

Jezi pa t reziste ak moun ki t ap frape l yo

Ezayi 50:6

Jan 18:22, 23

Dirijan yo te konplote kont li

Sòm 2:2

Lik 23:10-12

Yo te kloure men l ak pye l sou yon poto

Sòm 22:16

Matye 27:35; Jan 20:25

Moun yo te fè tiraj osò pou rad li.

Sòm 22:18

Jan 19:23, 24

Yo te konsidere l menm jan ak pechè yo

Ezayi 53:12

Matye 27:38

Yo te joure l, yo te manke l dega

Sòm 22:7, 8

Matye 27:39-43

Li te soufri pou peche nou yo

Ezayi 53:5, 6

1 Pyè 2:23-25

Sanble Bondye te abandone l

Sòm 22:1

Mak 15:34

Yo te ba l vinèg ak fyèl pou l bwè

Sòm 69:21

Matye 27:34

Li te swaf anvan l mouri

Sòm 22:15

Jan 19:28, 29

Li te remèt Bondye lespri l

Sòm 31:5

Lik 23:46

Li te bay lavi l

Ezayi 53:12

Mak 15:37

Li te bay lavi l kòm ranson pou l retire peche

Ezayi 53:12

Matye 20:28

Yo pa t kase zo l

Sòm 34:20

Jan 19:31-33, 36

Yo te pèse l

Zakari 12:10

Jan 19:33-35, 37

Yo te antere l menm kote ak moun ki rich

Ezayi 53:9

Matye 27:57-60

Yo te leve l sot nan lanmò

Sòm 16:10

Travay 2:29-31

Yo te ranplase trèt la

Sòm 109:8

Travay 1:15-20

Li te chita adwat Bondye

Sòm 110:1

Travay 2:34-36

a Men sa yon ansiklopedi (McClintock and Strong’s Cyclopedia) fè konnen: “Pa gen dout, rejis tribi ak fanmi Juif yo te pèdi lè yo te detwi Jerizalèm, se pa anvan sa.”

b Non ebre lè yo tradui l yo mete Emànyèl pou li a vle di “Bondye avèk nou” e l byen dekri wòl Jezi antanke Mesi. Vini Jezi te vini sou tè a ak travay li te fè pandan l sou tè a montre aklè Bondye avèk moun k ap adore L yo. — Lik 2:27-32; 7:12-16.

c Ekspresyon “moun Nazarèt” la sanble soti nan mo ebre netzè a ki vle di “boujon”.

d Kwonoloji Bib la bay detay ki montre ane 29 epòk nou an se ane kote Mesi a t ap parèt. Gade atik: “Pwofesi Dànyèl la predi Mesi a ta gen pou vini.”

e Nou jwenn pwofesi sa a nan liv Zakari a, epoutan Matye, youn nan moun ki te ekri nan Bible la, di se “pwofèt Jeremi [ki] te di” sa (Matye 27:9). Ta sanble yo te konn mete liv Jeremi an an premye nan seksyon yo konn rele “Pwofèt yo” nan Bib la (Lik 24:44). Sanble Matye te itilize “Jeremi” pou l pale de tout liv pwofèt yo, sa ki gen ladan l liv Zakari a.