Al gade sa k anndan l

Ki moun ki pral nan syèl?

Ki moun ki pral nan syèl?

Repons Bib la bay

 Bondye chwazi yon ti kantite kretyen fidèl k ap resisite, apre lanmò yo, pou y al viv nan syèl (1 Pyè 1:3, 4). Yonfwa Bondye fin chwazi kretyen sa yo, yo dwe kontinye kenbe yon lafwa solid ak yon konduit ki pwòp yon fason pou yo pa pèdi privilèj yo genyen pou yo resevwa eritaj selès yo a. — Efezyen 5:5; Filipyen 3:12-14.

Ki sa moun ki pral nan syèl yo pral fè?

 Yo pral sèvi bò kote Jezi antanke wa ak prèt pandan 1 000 an (Revelasyon 5:9, 10; 20:6). Se yo menm ki pral fòme “syèl tounèf”, oswa gouvènman selès, ki pral dirije “tè tounèf” la, oswa moun ki pral viv sou tè a. Moun sa yo, ki pral dirije nan syèl la, pral ede lèzòm viv nan kondisyon moun jis Bondye te vle depi okòmansman an. — Ezayi 65:17; 2 Pyè 3:13.

Konbyen moun k ap resisite pou al viv nan syèl?

 Bib la montre gen 144 000 moun k ap resisite pou al viv nan syèl (Revelasyon 7:4). Nan yon vizyon apot Jan te fè, nou jwenn nan Revelasyon 14:1-3, li te wè “Ti Mouton an ki kanpe sou Mòn Siyon [e li te] gen 144 000 moun avè l”. Nan vizyon sa a, “Ti Mouton an” reprezante Jezi ki resisite (Jan 1:29; 1 Pyè 1:19). “Mòn Siyon” reprezante pozisyon elve Jezi ansanm ak 144 000 moun ki pral dirije avè l nan syèl la. — Sòm 2:6; Ebre 12:22.

 Yo pale de moun “yo rele e [...] yo chwazi” pou dirije ak Kris nan Wayòm nan kòm yon “ti twoupo”. (Revelasyon 17:14; Lik 12:32.) Sa montre yo t ap piti anpil an konparezon ak tout mouton Jezi yo nèt. — Jan 10:16.

Sa kèk moun panse konsènan moun ki pral nan syèl la

 Sa yo panse: Tout moun ki bon yo pral nan syèl.

 Sa ki verite: Bondye pwomèt l ap bay pifò moun lavi etènèl sou tè a. — Sòm 37:11, 29, 34.

  •   Jezi te di: “Okenn moun pa monte nan syèl.” (Jan 3:13). Konsa, li montre bon moun ki te mouri anvan l yo, tankou Abraram, Moyiz, Jòb ak David, pa t al nan syèl (Travay 2:29, 34). Olye de sa, yo gen espwa pou yo resisite pou yo viv sou tè a. — Jòb 14:13-15.

  •   Yo rele rezirèksyon pou lavi nan syèl la “premye rezirèksyon an”. (Revelasyon 20:6.) Sa montre pral gen yon lòt rezirèksyon. Se pral yon rezirèksyon pou lavi sou tè a.

  •   Bib la fè konnen “pap gen lanmò ankò” lè Wayòm Bondye a ap dirije (Revelasyon 21:3, 4). Pwomès sa a ap jwenn akonplisman l sou tè a etandone lanmò pa t janm egziste nan syèl la.

 Sa yo panse: Se chak moun k ap chwazi si yo pral viv nan syèl oswa sou tè a.

 Sa ki verite: Se Bondye ki deside ki kretyen k ap resevwa “rekonpans lan, sètadi apèl selès” la ki se esperans pou lavi nan syèl la (Filipyen 3:14). Se pa dezi pèsonèl oswa anbisyon k ap fè yo chwazi yon moun. — Matye 20:20-23.

 Sa yo panse: Esperans pou viv pou toutan sou tè a pa gen anpil enpòtans e se moun ki pi ba pase moun ki pral nan syèl la k ap jwenn li.

 Sa ki verite: Bondye rele moun ki pral resevwa lavi etènèl sou tè a “pèp mwen”, “moun mwen chwazi yo” epi “pitit Jewova beni”. (Ezayi 65:21-23.) Yo pral gen privilèj pou yo reyalize objektif Bondye te gen pou lèzòm depi okòmansman an ki se: viv pou toutan nan lapèfeksyon nan yon paradi sou tè a. — Jenèz 1:28; Sòm 115:16; Ezayi 45:18.

 Sa yo panse: 144 000 moun yo site nan liv Revelasyon an se yon kantite senbolik, li pa literal.

 Sa ki verite: Aktout liv Revelasyon an chaje ak chif senbolik, gen kèk nan yo ki literal. Pa egzanp, li pale de “non 12 apot Ti Mouton an”. (Revelasyon 21:14.) Ann konsidere kèk prèv ki montre nou dwe pran chif 144 000 la yon fason literal.

 Revelasyon 7:4 fè konnen ‘kantite moun yo poze so sou yo [oswa ki gen asirans pou al viv nan syèl la] se: 144 000 moun’. Kontèks vèsè a pale de yon dezyèm gwoup moun ki an paralèl ak premye a e l di se “yon gwo foul moun okenn moun pa t ka konte”. Moun ki fè pati “gwo foul moun nan” jwenn delivrans nan men Bondye tou (Revelasyon 7:9, 10). Si chif 144 000 la te yon chif senbolik, si l te fè referans ak yon gwoup ki pa gen yon kantite, li pa t ap fè sans pou yo ta met de gwoup yo an paralèl a.

 Anplis de sa, yo pale de 144 000 moun yo kòm moun Bondye “achte pami lèzòm kòm premye fwi”. (Revelasyon 14:4). Ekspresyon “premye fwi” a fè referans ak yon ti kantite ki reprezante yon bagay. Sa byen dekri moun ki pral met ansanm ak Kris nan syèl la pou dirije yon kantite moun yo pa ka konte ki pral viv sou tè a. — Revelasyon 5:10.

a Nan menm sans lan, men sa pwofesè Robert L. Thomas te ekri konsènan chif 144 000 yo site nan Revelasyon 7:4 la: “Se yon kantite byen defini ki an paralèl ak kantite endefini ki nan [Revelasyon] 7:9 la. Si yo ta pran l yon fason senbolik, yo pa t ap ka pran okenn lòt chif nan liv la yon fason literal.” — Revelasyon 1-7: An Exegetical Commentary, paj 474 (anglè).