Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Mak 1:15 — “Wayòm Bondye a vin pi pre”

Mak 1:15 — “Wayòm Bondye a vin pi pre”

 “Tan ki te fikse a rive e Wayòm Bondye a vin pi pre. Se pou nou repanti e se pou nou gen lafwa nan bon nouvèl la.” — Mak 1:15, Tradiksyon monn nouvo a.

 “Jou a rive. Koulye a, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li. Tounen vin jwenn Bondye. Asepte Bon Nouvèl la.” — Mak 1:15, Bib la.

Sa Mak 1:15 vle di

 Jezi Kris te di Wayòm Bondye a a “vin pi pre” oswa li “vin pran pouvwa a” paske li te la avèk yo nan moman an, li menm ki t ap gen pou l vin wa nan Wayòm sa a.

 Jezi pa t vle di Wayòm nan te deja kòmanse dirije. Anfèt, li te fè disip li yo konnen Wayòm nan t ap gen pou l vini alavni (Travay 1:6, 7). Men, Jezi te parèt antanke Mesi a egzakteman nan lè li te gen pou l parèt la, nan ane Bib la te di moun ki t ap gen pou l Wa a t ap parèt la. b Se sa k fè l te ka di: “Tan ki te fikse a rive”, anpalan de lè pou l te kòmanse preche bon nouvèl Wayòm nan. — Lik 4:16-21, 43.

 Pou moun te ka jwenn byenfè grasa bon nouvèl Wayòm nan, yo t ap bezwen repanti, sa vle di regrèt peche yo te fè yo epi viv ann amoni ak prensip Bondye yo. Moun ki te repanti yo te demontre yo gen lafwa nan bon nouvèl konsènan Wayòm ki t ap gen pou l vini an.

Kontèks Mak 1:15

 Jezi te di pawòl sa yo lè l te kòmanse travay predikasyon l lan nan Galile. Men sa nou li nan Matye 4:17 kote yo rakonte menm istwa sa a: “Depi lè sa a”, Jezi te preche konsènan Wayòm Bondye a. Se Wayòm nan ki te tèm travay predikasyon Jezi a. Anfèt, kat Evanjil yo c pale de Wayòm nan plis pase 100 fwa, e pi souvan se nan pawòl Jezi te di. Selon sa nou li nan Bib la, Jezi te pale de Wayòm Bondye a plis pase nenpòt lòt sijè.

Li Mak chapit 1 ansanm ak nòt yo ak referans yo.

a Wayòm Bondye a se yon gouvènman Bondye tabli nan syèl la pou l reyalize volonte l sou tè a (Dànyèl 2:44; Matye 6:10). Pou plis enfòmasyon, gade atik ki gen tit: “Ki sa Wayòm Bondye a ye?

b Jezi te gen pou l vin Wa, konsa li t ap ka reyalize youn nan wòl li te gen pou l jwe antanke Mesi a, sa vle di reprezantan espesyal Bondye. Pou plis enfòmasyon sou detay Bib la bay ki montre nan ki ane Mesi a t ap gen pou l parèt, gade atik ki gen tit: “Pwofesi Danyèl la predi Mesi a ta gen pou vini.

c Evanjil yo se kat premye liv ki nan Liv ki te ekri an grèk yo, souvan yo rele yo Nouvo Testaman an. Evanjil yo rakonte lavi Jezi sou tè a ak travay predikasyon li te fè a.