Sòm 36​:​1-12

  • Lanmou fidèl Bondye gen anpil valè

    • Mechan an pa gen lakrentif pou Bondye (1)

    • Bondye se sous lavi a (9)

    • “Se limyè ki soti nan ou ki ban nou limyè” (9)

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante David, sèvitè Jewova a, te ekri. 36  Peche pale nan fon kè moun ki mechan an,E mechan an pa gen lakrentif pou Bondye+.   Paske, li kwè nan tèt li twòpPou l ta wè peche l la e pou l ta rayi l+.   Pawòl ki sot nan bouch li fè moun mal e se manti yo ye.Li pa gen bon konprann ankò pou l fè sa ki bon.   Menm lè l sou kabann li, l ap fè konplo.Li deside pou l fè sa k pa bon.Li refize vire do bay sa ki mal.   O Jewova, lanmou fidèl ou genyen an rive jis nan syèl la+,Fidelite w rive jis nan nyaj yo.   Jistis ou tankou gwo mòn yo*+,Lwa w yo tankou gwo dlo ki fon anpil+.Se ou menm ki fè moun ak bèt kontinye viv*, o Jewova+.   O Bondye, lanmou fidèl ou genyen an se gwo zafè+!Se anba zèl ouMoun pran refij+.   Yo bwè pi bon bagay ki nan kay ou a jiskaske yo satisfè+.Ou fè yo bwè pakèt bon bagay ou genyen yo+.   Se ou menm ki sous lavi a+.Se limyè ki soti nan ou ki ban nou limyè+. 10  Kontinye demontre lanmou fidèl ou genyen an pou moun ki konnen w yo+,Kontinye montre moun ki dwat yo jistis ou+. 11  Pa kite moun ki ògeye a mache sou mwen,Ni pa kite mechan an pouse m ak men l pou l fè m ale. 12  Mechan yo tonbe,Yo lage yo atè e yo pa ka leve+.

Nòt anba paj

Oswa: “ki delivre moun ak bèt”.
Lit.: “tankou mòn Bondye yo”.