Sòm 79​:​1-13

  • Yon priyè konsènan lè nasyon yo te atake pèp Bondye a

    • ‘Yo pale nou mal’ (4)

    • ‘Ede nou poutèt non w’ (9)

    • “Se pou w fè vwazen nou yo peye sèt fwa” (12)

Yon chante Asaf te ekri+. 79  O Bondye, nasyon yo anvayi eritaj ou a+,Yo derespekte tanp ou an ki sakre+,Yo fè Jerizalèm tounen yon pil dekonm+.   Yo kite kadav sèvitè w yo pou yo tounen manje pou zwazo nan syèl la,Yo kite bèt sovaj ki sou tè a manje kadav sèvitè fidèl ou yo+.   Yo vide san yo tankou dlo toutotou JerizalèmE pa gen moun ki rete pou antere yo+.   Vwazen nou yo ap pale nou mal+,Tout moun ki bò kote nou yo ap pase nou nan rizib, y ap bat plezi sou nou.   O Jewova, jis ki lè w ap ret an kòlè kont nou? Èske se pou toutan+?Jis ki lè kòlè w ap sispann monte tankou yon flanm dife+?   Lage kòlè w sou nasyon ki pa konnen w yo,E sou wayòm ki pa envoke non w yo+,   Paske, yo detwi desandan Jakòb yoE yo ravaje peyi yo a+.   Pa fè nou responsab erè zansèt nou yo+.Montre ou gen pitye pou nou, pa pran tan pou w fè sa+,Paske, nou tonbe ba anpil.   Ede nou, o Bondye delivrans nou an+,Poutèt non w ki gen glwa.Delivre nou epi padone* peche nou yo poutèt non w+. 10  Poukisa pou nasyon yo ta di: “Kote Bondye yo a+?”Fè nou wè lè w ap fè nasyon yo konnenOu vanje sèvitè w yo poutèt yo te fè san yo koule+. 11  Se pou w tande prizonye k ap plenn nan+.Sèvi ak kokennchenn fòs ou genyen an* pou w delivre* moun ki kondane amò yo*+. 12  O Jewova, se pou w fè vwazen nou yo peye sèt fwa+Poutèt fason yo te montre yo pa gen respè pou ou a+. 13  Lè sa a, nou menm pèp ou a, mouton ki nan patiraj ou yo+,N ap remèsye w pou toutan,N ap fè louwanj pou ou jenerasyon apre jenerasyon+.

Nòt anba paj

Lit.: “kouvri”.
Lit.: “ak bra w”.
Se kapab tou: “libere”.
Lit.: “pitit gason lanmò yo”.