Sòm 75​:​1-10

  • Bondye jije avèk jistis

    • Mechan yo ap bwè nan koup Jewova a (8)

Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon melodi. Pou yo jwe sou ton “Pa fini avè m”. Yon chante Asaf te ekri+. 75  Nou remèsye w, o Bondye, nou remèsye w.Ou avèk nou+E moun ap fè konnen gwo aksyon w fè yo.   Ou di: “Mwen fikse yon tanPou m kòmanse jije avèk jistis.   Lè tè a ak tout moun ki abite sou li yo te pran tranble*,Se mwen menm ki te fè poto l yo rete fèm.” (Sela)   Men sa m ap di grandizè yo: “Pinga nou fè grandizè.”E men sa m ap di mechan yo: “Pinga nou vante tèt nou pou fòs* nou.   Pinga nou vante tèt nou pou fòs* nou,E pinga nou pale avèk awogans.   Paske, onè yon moun jwenn pa sotiNi alès, ni alwès, ni nan sid.   Se Bondye k ap jije+.Li rabese yon moun e li leve yon lòt+.   Jewova gen yon koup nan men l+Ki gen diven k ap kimen e ki byen melanje.Vrèmanvre, li gen pou l vide tout diven ki nan koup la bay mechan yo ki sou tè a,E yo tout ap bwè diven an san yo pa kite yon ti tak+.”   Kanta pou mwen, m ap fè konn sa pou toutan,M ap chante louwanj* pou Bondye Jakòb la. 10  Paske, li di: “Mwen gen pou m kraze fòs* mechan yo,Men, fòs* moun ki jis la ap ogmante.”

Nòt anba paj

Lit.: “te fonn”.
Lit.: “kòn”.
Lit.: “kòn”.
Oswa: “M ap fè mizik”.
Lit.: “kòn”.
Lit.: “kòn”.