Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lè yon moun pa w mouri

Lè yon moun pa w mouri

“Gran frè m nan te mouri sanzatann. Lè sa a, mwen te santi m san fòs. Plizyè mwa annapre, m te ka annik panse avè I epi m santi m pa byen. Lè konsa, se te tankou yon kout kouto. Pafwa, m te konn santi m an kòlè tou, e m t ap mande tèt mwen: ʻPoukisa frè m nan mouri?ʼ Se nan moman sa yo m te konn plis regrèt m pa t pase plis tan avè l.” — Vanessa, Ostrali.

SI W gen yon moun pa w ki mouri, ou menm tou ou ka gen yon pakèt emosyon k ap travèse w: ou ka tris anpil, ou ka santi w poukò w e w san fòs. Petèt, ou ka an kòlè, ou santi w koupab oubyen w santi w pè. Ou ka menm ap mande tèt ou si lavi a vrèman gen sans.

Ou mèt gen asirans lefètke w tris pandan yon bon ti tan sa pa vle di w fèb pou sa. Okontrè, sa montre jis nan ki pwen ou te renmen moun nan e li te enpòtan pou ou. Men, èske sa posib pou w jwenn konsolasyon toutpandan w nan gwo lapenn nan?

MEN SA KÈK MOUN TE FÈ KI TE EDE YO

Ou gendwa panse lapenn ou genyen an sanble pap janm fini, men, petèt si w suiv konsèy ki vin apre yo, ou ka jwenn konsolasyon.

PRAN TAN POU W KRIYE

Se pa tout moun ki montre lapenn yo menm jan oubyen pandan menm kantite tan an. Malgre sa, lè w pran tan pou w kriye, sa ka soulaje w. Vanessa, nou te pale de li pi wo a, di: “Pou m te soulaje soufrans mwen te genyen an, mwen te konn annik ret konsa m kriye.” Sofia, ki gen sè l ki mouri bridsoukou, fè konnen: “Se pa ti soufri sa fè m soufri lè m ap panse ak sa k te pase a! Se kòmsi yo t ap netwaye yon gwo maleng mwen genyen. Doulè a rèd, se vre, men m konnen se konsa pou maleng nan geri.”

PALE SOU SA W SANTI

Pafwa, li nòmal pou w anvi ret poukò w. Men, andire lapenn sa a poukont ou, se kòmsi w t ap eseye pote yon chay ki twòp pou ou. Men sa Caleb, ki gen 17 an e ki te pèdi papa l, sonje: “Mwen te di lòt moun sa m santi. M pa t panse sa m te di yo te fè sans, men, mwen te santi m byen dèske m te ka di sa m santi.” Janice, nou te pale de li nan premye atik la, bay yon lòt avantaj sa genyen: “Pale ak lòt moun te soulaje m anpil anpil. M te santi yo konprann mwen. Mwen pa t santi m poukont mwen menm jan an ankò.”

AKSEPTE ÈD NAN MEN LÒT MOUN

Gen yon sikològ ki fè konnen: “Lè yon moun ki gen moun pa l ki mouri pèmèt fanmi l ak zanmi l ede l byen bonè nan moman sa rive a, sa pi fasil pou l andire lapenn nan e pou l konbat li.” Fè zanmi w ak fanmi w konnen ki jan yo kapab ede w. Yo anvi fè sa, men, yo ka pa konn ki jan pou yo fè l. — Pwovèb 17:17.

PWOCHE BÒ KOTE BONDYE PLIS TOUJOU

Men sa Tina fè konnen: “M te pèdi mari m bridsoukou akoz li te gen yon kansè. Sa te fè m pa t ka jwenn li ankò pou m pale. Donk, mwen te konn di Bondye tout bagay! Chak jou m mande l pou l ban m fòs pou jounen an. Bondye te ede m plis pase sa m ta ka imajine.” Natacha, ki te gen 22 an lè manman l mouri, di: “Lekti Labib m te konn fè te konsole m chak jou. Sa te pèmèt mwen konsantre m sou yon bagay ki ankourajan.”

IMAJINE LÈ W PRAL WÈ MOUN PA W LA ANKÒ

Tina kontinye pou l di: “Se vre okòmansman, pwomès rezirèksyon an pa t vrèman ede m jwenn konsolasyon m t ap chèche a, paske nan moman an, mwen te bezwen mari m e twa pitit gason m yo te bezwen papa yo. Sepandan, jodi a, katran apre l fin mouri, mwen kenbe esperans sa a fèm, e se li menm ki pèmèt mwen kontinye viv. Mwen konn panse ak moman kote m pral wè l ankò, e sa ban m kè kontan ak lapè!”

Petèt, ou pap santi w byen yon sèl kou. Men, eksperyans Vanessa a ka ankouraje w. Men sa l di: “Ou ka gen enpresyon ou pap janm jwenn yon ti alemye, men tikras pa tikras, w ap santi w pa tris menm jan an.”

Sonje sa, ou gen bonjan rezon pou w kontinye viv, menmsi w toujou ap panse ak moun ki mouri a. Grasa èd Bondye ba w paske l renmen w, ou ka jwenn bon zanmi e lavi w kapab gen sans. Talè konsa, Bondye pral rebay moun ki mouri yo lavi. E li ta renmen pou w sere moun pa w la nan bra w ankò. Lè sa a, lapenn ou santi kounye a pral disparèt pou toutan!