Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LABIB CHANJE LAVI MOUN

“Pwomès Bib la fè konsènan paradi sou tè a te chanje lavi m!”

“Pwomès Bib la fè konsènan paradi sou tè a te chanje lavi m!”
  • ANE LI FÈT: 1974

  • PEYI KOTE L SOTI: LETONI

  • ANVAN: MWEN TE KONN RISKE LAVI M NAN KOUS MOTO

VI MWEN T AP MENNEN:

Mwen fèt nan vil Riga, kapital peyi Letoni. Se manman m ki te leve mwen menm ak sè m nan. Byenke manman m te katolik, se sèlman jou fèt yo nou te konn al legliz. Mwen te toujou kwè nan yon fòs siprèm, men antanke jèn gason, te gen anpil lòt bagay ki te pi enterese m.

Toutpandan mwen t ap grandi, manman m te remake mwen te gen tandans pou m demonte bagay epi pou m remonte yo annapre. Manman m tèlman te gen bagay ki te ka demonte, li te toujou pè kite m nan kay la poukont mwen. Se sa k fè, li te ban m yon jwèt ki gen plizyè pati m te ka demonte epi m remonte annapre. Mwen te renmen jwèt sa a anpil. Anplis de sa, m te gen yon lòt pasyon se monte moto. Manman m te enskri m yon kote yo fè kous moto ki rele Zelta Mopēds (Ti moto annò a). Mwen te kòmanse fè kous ak moto ki pa gen anpil vitès, annapre, mwen te fè kous ak moto ki gen bonjan vitès.

Mwen te aprann vit, e nan yon tikras tan, mwen te vin gen anpil siksè nan spò sa a ki rapid e ki danjere. Mwen te chanpyon twa fwa nan divès kategori kous moto peyi Letoni te òganize. Mete sou sa, mwen te chanpyon de fwa nan kous moto peyi balt yo te òganize.

FASON LABIB CHANJE LAVI M:

Lè m te rive nan pi wo nivo nan karyè m, Evija, mennaj mwen an (se avè l mwen t apral marye pi devan) te gen kontak ak Temwen Jewova yo. Li te jwenn kèk nan piblikasyon Temwen yo ki te gen yon koupon moun ka ranpli pou yo mande yon etid biblik. Li te ranpli yon koupon e l te voye l pa lapòs. Yon ti tan apre, de Temwen te vin vizite l, e yo te kòmanse yon etid biblik avè l. Mwen pa t gen pwoblèm ak sa, men nan epòk la mwen pa t vrèman enterese nan afè relijyon.

Kèk tan apre, Temwen yo te envite m asiste etid biblik yo t ap fè ak Evija a. Yo di m mwen ka annik chita ap koute. Mwen te aksepte envitasyon an, e m te renmen sa m te tande yo. Youn nan bagay ki te pi touche kè m se pwomès Bib la fè konsènan Paradi sou tè a. Pa egzanp, Temwen yo te montre m Sòm 37:10, 11 (NW) ki di: “Nan yon tikras tan, mechan yo pap la ankò. W ap gade kote yo te ye a, e yo pap la. Men moun ki enb yo pral posede tè a. E  yo pral pran tout plezi yo nan lapè ki pral genyen ann abondans.” Pwomès sa a te vrèman atire m.

Mwen te kontinye enterese nan Bib la. Mwen te rann mwen kont relijyon yo bay anpil manti. Tandiske ansèyman ki nan Bib la te enpresyone m paske yo lojik epi yo klè.

Toutpandan mwen t ap kontinye etidye Labib, m te aprann jan Jewova bay lavi anpil valè, e lavi presye nan je l (Sòm 36:9). Sa m te aprann yo te gen efè sou kous m te konn fè yo. Mwen pa t vle riske lavi m ankò. Olye de sa, m te vle itilize lavi m pou m bay Jewova glwa. Pou rezon sa a, mwen te sispann bay renome, glwa ak sansasyon kous moto yo te ban mwen yo enpòtans.

Mwen te vin konprann mwen gen responsablite devan Jewova, Moun ki bay lavi a.

An 1996, mwen te asiste yon kongrè entènasyonal Temwen Jewova yo te òganize nan Talin, nan peyi Estoni. Kongrè sa a te fèt toupre yon stad kote mwen te konn al fè kous moto. Nan kongrè a, m te wè moun ki soti nan plizyè peyi ki te reyini ansanm nan inite ak nan lapè. Pa egzanp, te gen yon Temwen ki te pèdi valiz li. Mwen te panse li pa t ap janm jwenn li ankò. Yon ti tan apre, gen yon lòt Temwen ki te jwenn valiz la, li te pote l ba li san l pa t pèdi anyen. Mwen te sezi wè sa! Lè sa a, m te vin konprann Temwen yo viv ann amoni ak prensip wo nivo ki gen nan Bib la toutbon. Evija avè m te kontinye fè pwogrè nan etid la, e nan ane 1997, nou te batize antanke Temwen Jewova.

BYENFÈ MWEN JWENN:

Gen kèk zanmi mwen te genyen ki mouri akoz yo te konn kouri moto yon fason ki brital e ki danjere. Nan etid mwen te fè nan Bib la, mwen te vin konprann mwen gen responsablite devan Jewova, Moun ki bay lavi a. Petèt, se konpreyansyon sa a ki sove lavi m.

Pandan katran, Evija avè m te gen privilèj pou n sèvi antanke minis aplentan nan filyal Temwen Jewova yo nan vil Riga. Kounye a, nou gen lajwa pou n leve Alise, pitit fi nou an, e pou n ede l renmen Jewova plis. Mwen gen privilèj pou m pase yon jounen chak semèn nan biwo tradiksyon an pou m repare machin ak lòt bagay ki anpàn. Mwen gen anpil kè kontan lefètke m byen sèvi ak fòmasyon mwen te resevwa lè m te timoun nan! Wi, mwen toujou kontinye ap demonte bagay pou m remonte yo annapre!

Mwen vrèman apresye privilèj mwen menm ak fanmi m genyen pou n bay temwayaj konsènan sèl vrè Dye a grasa etid nou fè nan Bib la. Vrèmanvre, pwomès Bib la fè konsènan Paradi sou tè a chanje lavi m!