Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Tele JW sou Amazon Fire TV

Tele JW sou Amazon Fire TV

Tele JW ofri fanmi yo bonjan pwogram sou Entènèt pou ankouraje yo nan domèn espirityèl. Ou kapab gade pwogram ki te fèt nan stidyo Tele JW a ak plizyè lòt videyo ki soti sou sit jw.org la. Ou kapab gade youn nan chèn televizyon yo k ap jwe videyo 24 sou 24 lè w chwazi opsyon Televizyon an, oswa ou ka gade videyo ou vle yo nenpòt lè grasa opsyon Chwazi videyo a. Ale nan seksyon Odyo pou w tande plizyè kalite pwogram odyo ki gen ladan l mizik, dram ak lekti biblik sou fòm dram.

Ou kapab gade pwogram yo sou Entènèt ak yon òdinatè, yon tablèt oswa yon telefòn entèlijan sou tv.mt711.com. Ou kapab gade yo tou sou televizyon pa mwayen Amazon Fire TV, Apple TV, oswa Roku digital media player.

 

 

NAN SEKSYON SA A

Enstale aplikasyon JW Broadcasting nan sou Amazon Fire TV

Suiv etap sa yo pou w enstale epi gade Tele JW sou Amazon Fire TV w la.

Fason w ka itilize Chwazi videyo sou Amazon Fire TV 

Chèche yon videyo, kontwole yon videyo k ap jwe epi gade nouvo videyo oswa pwogram espesyal yo.

Koute anrejistreman odyo sou Amazon Fire TV

Koute yon sèl anrejistreman odyo oswa tout yon ribrik. Kontwole anrejistreman odyo k ap jwe yo.

Chèche pwogram odyo ak videyo sou Amazon Fire TV

Fason pou w itilize opsyon Chèche a pou jwenn videyo, chante, ak pwogram odyo.

Kesyon moun poze souvan — Tele JW (Fire TV)

Jwenn repons pou kesyon moun plis poze.