Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Tele JW

Chèche fichye odyo ak videyo sou Roku

Chèche fichye odyo ak videyo sou Roku

Chèche fichye odyo ak videyo sou sit Tele JW avèk opsyon Rechèch la.

Ale nan opsyon Rechèch la ki sou paj akèy la epi klike sou OK pou kare Rechèch la parèt.

Nan kare Rechèch la, sèvi ak klavye ki sou ekran an pou tape mo k ap fè w jwenn sa w ap chèche a. Pa egzanp, tape kèk lèt nan tit videyo w ap chèche a oubyen kèk lèt nan non moun k ap pale nan videyo a oswa kèk lèt nan istwa ki nan pwogram nan. Pandan w ap tape, pwogram yo ki gen rapò ak sa w ap chèche a ap parèt sou ekran an. Itilize bouton k ap pèmèt ou Monte, Desann, Ale adwat epi Ale agoch sou rimòt la pou w gade ki pwogram ki genyen. Chwazi foto oswa tit pwogram w ap chèche a epi klike sou OK.

Si w ap chèche yon fraz egzak ki nan tit pwogram nan, tape l avèk gimè.

Lè w fè rechèch, fichye odyo yo ak videyo yo ap parèt ansanm. Pou separe rezilta yo, chwazi Videyo pou montre videyo yo sèlman oswa chwazi Odyo pou montre fichye odyo yo sèlman.

Se 24 fichye ki plis gen rapò ak sa w te tape a k ap parèt sou ekran an. Kantite total fichye ki gen rapò ak rechèch ou a ap parèt tou (pa egzanp, “Sa ki parèt se 24 sou 28”).

Si w pa jwenn sa w ap chèche a, tape mo ki plis ta sanble ak sa w vle a. Pa egzanp, si w ap chèche yon emisyon Tele JW pou yon mwa e ou te tape mo “emisyon Tele JW” sèlman, ou ka ajoute mwa emisyon an te soti, oswa non frè ki t ap prezide emisyon an oswa sijè prensipal yo t ap pale nan emisyon an.