Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TELE JW

Fason w ka itilize ribrik Chwazi videyo sou Roku

Fason w ka itilize ribrik Chwazi videyo sou Roku

Ribrik Chwazi videyo a pèmèt ou gade tout videyo ki sou sit Tele JW avèk tout bouton kòmann yo (poz, retounen, avanse, sote). Gade yon videyo sèlman oswa tout sa yo ki nan lis la.

(Note sa: Rimòt Roku a yo mete nan chema demonstrasyon sa a ka gen yon ti diferans ak Rimòt pa w la.)

Nan paj akèy Tele JW a, ale sou Chwazi videyo pou w ka wè tout kategori videyo ki disponib yo. Suiv etap ki pi ba yo pou w jwenn videyo yo e pou w ka gade yo:

 Chèche yon videyo

Gade diferan kategori yo grasa rimòt ou gen nan men w lan. Peze bouton OK a pou w chwazi kategori ou seleksyone a.

Gen videyo w ap jwenn nan plizyè kategori. Pa egzanp, w ap jwenn videyo Tigason gaspiyè a tounen an nan kategori Fim, nan kategori Fanmi ak nan kategori Jèn.

Chak liy videyo sa yo se yon seksyon videyo yo klase pa sijè. Non seksyon an parèt anlè liy nan.

Sèvi ak rimòt ou a pou w gade seksyon videyo yo:

  • Flèch Monte ak flèch Desann rimòt lan pèmèt ou al nan lòt seksyon yo.

  • Flèch Agoch ak flèch Adwat yo bay posiblite pou w wè tout videyo ki nan yon seksyon.

  • Chak seksyon gen yon opsyon ki rele Jwe tout. Peze sou li pou w ka jwe tout videyo ki nan seksyon an, l ap kòmanse ak premye videyo a. Apre tout videyo yo fin jwe, l ap kanpe.

Chwazi yon videyo pou w ka wè ekran ki bay detay sou videyo a.

Chwazi youn nan opsyon ki pi ba yo sou ekran sa a:

  • Kontinye kote l te rive a: Opsyon sa a ap parèt sèlman si w potko fin gade videyo a e l ap pèmèt ou kontinye gade l apati kote ou te kanpe l la.

  • Fè l jwe oswa Fè l jwe nan kòmansman an: Fè l jwe depi nan kòmansman videyo a.

  • Fè soutit yo parèt: Opsyon sa a parèt sèlman si soutit yo disponib pou videyo k ap jwe a. Si w chwazi l, w ap ka jwe videyo a ak tout soutit yo epi l ap tou aktive soutit tout videyo (si soutit yo disponib) nan ribrik Televizyon ak ribrik Chwazi videyo. Si w pa vle opsyon sa a ankò, chwazi Fè l jwe san soutit.

  • Fè tout videyo ki nan seksyon sa a jwe: Jwe tout videyo ki nan kategori a, soti nan videyo ou seleksyone a. Apre tout videyo yo fin jwe, l ap kanpe.

 Liy ki anba videyo ou seleksyone a ap montre w lòt videyo ki nan seksyon an. Peze Flèch Desann nan pou w ale sou videyo ki nan seksyon an epi Flèch Monte a pou w ka retounen sou ekran videyo ou te ye a.

Kontwole yon videyo k ap jwe

Lè yon videyo ap jwe nan ribrik Chwazi videyo a, men ki jan w ka kontwole l ak rimòt Roku a:

  • Fè l jwe/Poz: Mete videyo a sou poz. Peze bouton an ankò pou videyo a kontinye jwe.

  • Flèch adwat: Opsyon sa a fè yon videyo sispann jwe epi li avanse l pi vit. Lè w rive kote ou vle gade a, peze bouton Fè l jwe a oubyen bouton OK a.

  • Avanse pi vit: Opsyon sa a pèmèt ou avanse yon videyo kèk segonn pi vit. Lè w wè videyo a rive kote w vle gade a, peze bouton Fè l jwe a oubyen bouton OK a.

  • Flèch Agoch: Opsyon sa a fè yon videyo sispann jwe epi li fè l fè bak kèk segonn pi vit. Lè w rive kote ou vle gade a, peze bouton Fè l jwe a oubyen bouton OK a.

  • Retounen: Opsyon sa a fè yon videyo sispann jwe epi li fè l retounen nan kòmansman. Lè w rive kote w vle gade a, peze bouton Fè l jwe a oubyen bouton OK a.

  •   Bouton Fè bak: Opsyon sa a ap fè w retounen sou ekran ki bay detay sou videyo a.

Gade videyo yo pwopoze w yo oswa Videyo ki fèk soti yo

Paj akèy Tele JW a gen de seksyon espesyal nan ribrik Chwazi videyo a:

  1. Videyo yo pwopoze w yo: Lè seksyon sa a disponib, li gen kèk videyo espesyal tankou sa yo konn pase nan reyinyon nou òganize chak semèn yo.

  2. Dènye videyo ki soti yo: Nan seksyon sa a, w ap jwenn videyo ki pa gen twò lontan depi yo parèt.