Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Tele JW pou Apple TV

Tele JW pou Apple TV

Tele JW ofri fanmi yo bonjan pwogram sou Entènèt pou ankouraje yo nan domèn espirityèl. Ou kapab gade pwogram ki te fèt nan stidyo Tele JW a ak plizyè lòt videyo ki soti sou sit jw.org la. Ou kapab gade youn nan chèn televizyon yo k ap jwe videyo 24 sou 24 lè w chwazi opsyon Televizyon an, oswa ou ka gade videyo ou vle yo nenpòt lè grasa opsyon Chwazi videyo a. Ale nan seksyon Odyo pou w tande plizyè kalite pwogram odyo ki gen ladan l mizik, dram ak lekti biblik sou fòm dram.

Ou kapab gade pwogram yo sou Entènèt ak yon òdinatè, yon tablèt oswa yon telefòn entèlijan sou tv.mt711.com. Ou kapab gade yo tou sou televizyon pa mwayen Amazon Fire TV, Apple TV, oswa Roku digital media player.

 

 

NAN SEKSYON SA A

Enstale aplikasyon JW Broadcasting nan sou Apple TV

Suiv etap sa yo pou enstale chèn Tele JW a sou Apple TV.

Fason w ka itilize Chwazi videyo sou Apple TV

Chèche yon videyo, kontwole yon videyo k ap jwe, epi gade nouvo videyo oswa videyo ki nan pwogram espesyal yo.

Koute anrejistreman odyo sou Apple TV

Koute yon anrejistreman odyo oswa tout yon ribrik. Kontwole anrejistreman odyo k ap jwe yo.

Kesyon moun poze souvan — Tele JW (Apple TV)

Jwenn repons pou kesyon moun plis poze.