Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TELE JW

Koute anrejistreman odyo sou Amazon Fire TV

Koute anrejistreman odyo sou Amazon Fire TV

Seksyon Odyo a gen plizyè ribrik odyo ladan l, tankou mizik, dram odyo ak lekti Labib sou fòm dram.

(Note sa: Rimòt ou a ka pa menm ak sa yo itilize nan demonstrasyon sa a.)

Seleksyone Odyo nan paj akèy la pou w wè ribrik odyo ki disponib yo. Suiv etap ki pi ba yo pou w jwenn anrejistreman odyo yo pou w ka koute yo:

 Koute yon anrejistreman odyo

Chak liy anrejistreman odyo yo reprezante yon ribrik. Non chak ribrik parèt anlè liy lan.

  • Flèch Monte ak Desann nan bay posiblite pou w sot nan yon ribrik al nan yon lòt.

  • Flèch ki gen siy Agoch ak Adwat la bay posiblite pou w koute tout anrejistreman ki nan yon ribrik.

Peze bouton Seleksyone a pou w seleksyone yon ribrik epi pou w wè paj enfòmasyon sou anrejistreman odyo yo.

Seleksyone youn nan aksyon sa yo:

  • Fè l jwe: Fè pwogram odyo a jwe depi nan kòmansman.

  • Jwe tout: Jwe tout pwogram odyo ki nan ribrik la, l ap kòmanse ak premye pwogram odyo ki sou ekran an. Lè tout anrejistreman yo fin jwe, l ap kanpe.

  • Kontinye: Opsyon sa a pèmèt ou kontinye jwe anrejistreman odyo a kote w te kanpe l la.

Liy ki anba paj ki gen Enfòmasyon sou anrejistreman odyo yo ap montre w lòt pwogram odyo ki nan ribrik la. Peze bouton Desann nan pou ale nan yon lòt ribrik, e bouton Monte a pou w retounen nan paj ki gen Enfòmasyon sou anrejistreman odyo yo.

 Koute tout anrejistreman odyo ki nan yon ribrik

Nonsèlman w ka koute anrejistreman odyo yo youn pa youn, men tou ou ka koute tout anrejistreman odyo ki nan yon ribrik. Ale sou ribrik ou vle koute a, epi seleksyone youn nan opsyon sa yo:

  • Jwe tout: Jwe tout anrejistreman odyo ki nan ribrik la, kòmanse ak premye a.

  • Pa jwe yo nan lòd: Jwe tout pwogram odyo ki nan yon ribrik, men pa nan lòd.

Lè tout anrejistreman odyo yo fin jwe, l ap kanpe.

 Kontwole anrejistreman odyo k ap jwe yo

Pandan yon anrejistreman odyo ap jwe, ou kapab gen kontwòl sou anrejistreman k ap jwe yo avèk rimòt Amazon Fire TV w la konsa:

  • Fè l jwe/Poz: Mete anrejistreman odyo a sou poz. Peze bouton an ankò pou l kontinye jwe.

  • Avanse l rapid: Fè anrejistreman odyo a jwe pi vit. Peze bouton Fè l jwe a pou l ka kontinye jwe.

  • Retounen: Li fè anrejistreman odyo a fè bak. Peze bouton Fè l jwe a pou l ka kontinye jwe.

  • Tounen nèt: Retounen nan paj Odyo a.