Chante

Yon seri chante ki demontre jan nou apresye eritaj espirityèl nou an.

Kè kontan ki gen nan kongrè yo

Lè n asiste kongrè yo, nou santi lanmou ak inite ki genyen nan fanmi entènasyonal nou an.

Byen pran san w, e byen chwazi

Lè n ap chwazi yon moun pou n marye, nou dwe pran san n pou n byen chwazi.

Imajine jou sa a!

Talè konsa, n ap ka viv nètale.

Aprann lòt lang fè n jwenn benediksyon

Ki benediksyon w ap jwenn lè w aprann yon nouvo lang?

Pa twò prese!

Nou jwenn pi bèl rezilta nan travay predikasyon an ak nan lavi n lè n pa twò prese.

“Akeyi moun se yon bon abitid”

Nan ki domèn ou ka montre w akeyan?

N ap di ou mèsi

Jewova ede n fè fas ak tout pwoblèm nou genyen ak èd lespri sen l. Sa fè nou chante pou n di l mèsi.

Kot plas mwen ye

Ki jan m ka chwazi bon zanmi?

Chwa m gen pou m fè

Nou montre n saj lè n rekonèt chwa nou fè gen efè sou sèvis n ap bay Jewova ak sou lòt moun.

Annou youn padone lòt

Annou chèche okazyon pou n imite Jewova epi padone lòt moun.

Li toupre pou li rive

Lè n fikse lespri n sou paradi ki gen pou vini an, sa ap ede n andire.

Etidye fè w djanm

Etid pèsonèl nan Pawòl Bondye a ka ede jèn yo grandi nan domèn espirityèl.

Pawòl ou la pou toutan

N ap louwe Bondye pou Pawòl li a li te prezève pou lèzòm.

Toujou sonje priye

Ki sa n ka fè lè n gen pwoblèm?

M ap mache ak Jewova nètale

Lè w obeyi tout sa Jewova di w, sa fè l plezi.

Lafwa ka fè mèvèy

Sa mande efò pou lafwa n ka vin pi solid, men Jewova ap rekonpanse n pou efò yo.

Mwen suiv rapèl ou yo

Nan pawòl nou ak nan aksyon nou, annou montre nou vrèman renmen rapèl Jewova yo.

M ka leve ankò

Byen suiv kòman yon sèvitè Jewova ki te zele anvan sa jwenn fòs pou l retounen nan kongregasyon an, pami moun ki renmen l.

Nou kontan wè sa w fè

Kontinye apresye privilèj ou genyen pou w travay bò kote Jewova!

Pitit fi mwen

Ane apre ane, yon papa suiv jan pitit fi l ap grandi e jan l ap fè pwogrè nan domèn espirityèl.

Ann aji vit

Lè n fè plis nan travay predikasyon an, nan kèlkeswa fòm sèvis la, n ap gen anpil kè kontan antanke sèvitè Jewova.

Gade mwen

Byen pwofite moman w ap pase ak frè ak sè yo.

Bèl bagay ou fè yo pouse m ba ou glwa

Travay Jewova fè ak men l fè n ret bouch ouvè e sa pouse n chante pou li.

Bagay ki pi enpòtan yo

Nou bezwen rezève tan pou sa k pi enpòtan: Priye, etidye, ret fidèl toutan.

De moun ki damou

Lè Jewova nan yon maryaj, l ap fè maryaj la vin solid!

Yon konstriksyon ki pral ba w glwa

Se yon gwo onè sa ye pou nou pou n ofri Jewova yon lokal kote non l ki gran pral jwenn glwa.

Mwen gen konfyans nan ou

Lè n li e n medite sou Pawòl Bondye a, sa ap ede n chape anba pwoblèm lavi a pote.

Mwen kwè nan ou

Èske w te jwenn ankourajman pou w fè chanjman nan fason w preche?

Mwen pa janm poukò’m

Lè Jewova avèk nou, nou pa janm poukò n!

Youn renmen lòt vre

Nan pèp Jewova a, youn ede lòt e pa gen okenn lòt kote yo fè sa nan nivo sa a nan monn nan.

Nou pa bezwen pè

Lè lavi a ap malmennen nou, nou bezwen sonje nou pa poukò n.

Chèche

Moun ki vle konnen Bondye ak objektif li yo ak tout kè yo ka rive fè sa depi yo fè efò pou yo chèche l.

Bon zanmi

Ki kote nou ka jwenn bon zanmi?

Konte sou mwen!

Nou ka konte sou bon zanmi nou yo ni nan bon tan ni nan move tan.

Ak Jewova, nou fè youn

Malgre n ap viv nan yon monn ki mechan, nou fè pati yon fanmi k ap viv anpè e ki gen inite.

Fè m gen kouraj!

Jewova ka ban nou kouraj pou n andire kèlkeswa eprèv nou ta rankontre.

Tout sa mwen genyen

Jewova vrèman merite pou n sèvi l ak tout kè nou.

Chak jou gen pwòp pwoblèm pa l

Nou ka santi n anpè e nou ka gen kè kontan malgre pwoblèm nou yo.

W ap gen fòs, w ap gen kran

Yon chante nou renmen ki ede n andire.

Mèsi Bondye pou sa w kreye

Pran tan pou n medite sou sa Jewova kreye yo epi priye l pou nou di l mèsi.

Nou se fanmi w

Kèlkeswa kote nou ye, nou fè pati pèp Jewova a.

Kenbe lafwa w djanm

Menm lè nou gen pwoblèm, nou ka ret fidèl ak Jewova.

Jewova toujou bò kote n

Jewova toujou pare pou l kenbe men nou.

Monn nouvo n ap tann nan

Sa nou imajine nan lespri nou ka gen yon gwo enfliyans sou panse nou. Chante sa a ap ede nou konsantre sou monn nouvo a.

Mwen ba ou tout lavi m

Lefètke n renmen Jewova, sa pouse n pwogrese jis nou vwe lavi n ba li e nou batize.

Lanmou fidèl

Lanmou Jewova pa janm fayi. Li fè n gen kè kontan e l ban nou fòs.

Ba l tout chay yo

Lè n dekouraje, nou bezwen kontinye konte sou Jewova pou l ban nou fòs ak ankourajman.

Tankou timoun

Ki jan n ka montre nou tankou timoun nan fason n demontre lanmou?

Mwen gen konviksyon

Nou ka gen konviksyon Jewova renmen nou menm lè n ap fè fas ak divès kalite pwoblèm.

Padone nèt

Èske gen yon moun ki blese santiman w? Èske w twouve sa difisil pou w padone l? Gade ki jan ou ka rive padone l nèt.

Ann kouri

Pran bon desizyon pou w ka genyen kous pou lavi a.

Nou pap bay vag

Pou n bati yon lafwa ki solid, nou bezwen bonjan materyo.

Ou se trezò m!

Yon chante ki montre jan maryaj se yon bèl kado Jewova bay.

Pwoteje panse w

Grasa èd Jewova, ou ka pot laviktwa sou panse ki fè w santi w enkyè yo.

“Toujou rejwi”

Yon chante ki raple nou pakèt rezon nou genyen pou n gen kè kontan.

Yon pèp ki ini

Malgre pwoblèm ak tribilasyon, nou rete yon pèp ki ini.

Bay tout fòs ou pou glwa Jewova

Itilize fòs ou nan sèvis Jewova a. Ou pap regrèt sa!

Lajwa nètale

Se Jewova ki vrè Sous lajwa nou e se li k ap toujou vrè Sous lajwa nou.

Wi, w ap wè

Nou ka rejwi nan esperans nou genyen pou n vin nan monn nouvo a.

Pran tan pou Jewova

Pi bon fason pou nou viv se ret okipe nan sèvis Jewova a.

Ak je lafwa

Imajine bèl avni Bondye rezève pou lèzòm nan.

Fanmi Jewova

Toujou gen moun nan monn sa a k ap chèche laverite. Videyo sa a ap motive w pou w kontinye chèche moun ki tankou mouton yo.

Nou ini, sa fè’n djanm

Grasa fanmi nou fòme a ki ini e grasa èd Jewova, nou ka andire nenpòt eprèv.

Jewova avè m

Grasa èd Jewova, nou ka rive venk kèlkeswa laperèz la.

Vrè lapè (Chante kongrè 2022)

Gade pi lwen pase pwoblèm ou yo, konsantre w sou pwomès Bondye fè konsènan vrè lapè a.

“Li pap anreta!” (Chante kongrè 2023)

Pandan w ap tann Jewova avèk pasyans, imite moun ki fidèl yo.

‘Yon bon nouvèl’ (Chante kongrè 2024)

Soti nan premye syèk rive jounen jodi a, moun toujou preche bon nouvèl la ak kè kontan. Yo patisipe nan yon travay ki pi enpòtan pase nenpòt nan yo, yon travay Jezi ap dirije pèsonèlman, yon travay zanj yo ap soutni.