Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Tankou timoun

Tankou timoun

Telechaje:

  1. 1. Jezi te ede’n wè

    Nou dwe menm jan ak timoun.

    Nan monn nan, se ògèy k’ap domine,

    Men, se tankou timoun pou’n ye.

    Nou renmen lòt moun, n’imite Bondye ki pa gen patipri.

    (REFREN)

    Tankou timoun, nou vle renmen youn lòt toutbon,

    E nou vle toujou konsantre’n sou sa ki bon.

    Tankou timoun, nou vle toujou fè sa ki byen,

    Nou pa vle konsantre’n sou sa’k ka divize’n.

  2. 2. Nan monn nan, manke lanmou

    E moun yo ka detenn sou nou,

    Nou ka tonbe kritike sa moun di,

    Jan yo ye ak jan yo aji.

    Anpil moun panse se yo’k pi bon, e yo fè sa yo vle.

    (REFREN)

    Tankou timoun, nou vle renmen youn lòt toutbon,

    E nou vle toujou konsantre’n sou sa ki bon.

    Tankou timoun, nou vle toujou fè sa ki byen,

    Nou pa vle konsantre’n sou sa’k ka divize’n.

    Tankou yon timoun.

    (YON TI DIPLIS)

    Pandan n’ap grandi

    Ak èd Jewova,

    E nou jwenn lajwa

    Nan sèvis li a,

    Nou bezwen sonje

    Ògèy ap domine,

    Men, se tankou timoun pou nou ye.