Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Byen pran san w, e byen chwazi

Byen pran san w, e byen chwazi

Telechaje:

  1. 1. Mwen santi’m byen, men’m mande tèt mwen:

    ‘Ki lè m’ap marye?’

    Desizyon mwen vle pran se pa fè anyen nan prese.

    S’on chwa ki ka pote kè kontan oswa gwo chagren.

    E santiman m’gen nan kè’m pandan’m jèn nan ka pa dire pou demen.

    (REFREN)

    Byen pran san’w, pasyans pot byenfè.

    Ret tann, w’ap wè!

    Reflechi, menmsi kè’w vle pran devan,

    Mande: ‘Èske se moun pa’m nan?’

    Byen petèt, ou dwe jis byen pran san’w,

    Pou’w byen chwazi!

  2. 2. Wi, mwen vle jwenn yon moun k’ap byen pran swen mwen, k’ap fè’m santi’m espesyal.

    Men, gen chwa ki pa bon e Bondye wè ki vrèman mal.

    M’vle byen suiv prensip Jewova Dye yo,

    M’vle suiv Pawòl li,

    M’ap ret tann pou’m jwenn yon konjwen k’ap sèvi’l bò kote mwen pou lavi.

    (REFREN)

    Byen pran san’w, pasyans pot byenfè.

    Ret tann, w’ap wè!

    Reflechi, menmsi kè’w vle pran devan,

    Mande: ‘Èske se moun pa’m nan?’

    Byen petèt, ou dwe jis byen pran san’w,

    Pou’w byen chwazi!

    Pou’w byen chwazi!