Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

De moun ki damou

De moun ki damou

Telechaje:

  1. 1. Gen yon kado Jewova ban nou,

    Se lè de moun renmen, yo damou.

    Yo kontan, yo santi yo vibre.

    Yon bèl istwa damou kòmanse!

    (REFREN)

    Maryaj nou tank’on kòd ki byen trese an twa,

    Lanmou’n ap grandi,

    Gen lajwa.

    Se Jewova k’ap gide’n, k’ap dirije nou.

    Ala bèl sa bèl dèske m’damou!

    E se ou m’damou,

    Se ou m’damou.

  2. 2. Nou ka jwenn pwoblèm,

    Men, lanmou’n ap vin pi djanm, pi fèm.

    N’ap vin pi damou menm lè nou pran laj.

    Pèsonn pap ka fè lanmou’n fè nofraj,

    Non, non, non, pèsonn.

    (REFREN)

    Maryaj nou tank’on kòd ki byen trese an twa,

    Lanmou’n ap grandi,

    Gen lajwa.

    Se Jewova k’ap gide’n, k’ap dirije nou.

    Ala bèl sa bèl dèske m’damou!

    E se ou m’damou,

    Se ou m’damou.

    (YON TI DIPLIS)

    Anyen pap detwi lanmou’n,

    Bèl kado sa’ Bondye mete’l pou tout moun.

    Menm jan ak lanmò, lanmou gen fòs, li fèm.

    Wi, ou soti nan zo’m, e ou soti nan chè’m.

    Ou s’on bon madanm, ou konn sèvi ak de men’w,

    Mwen di’w sa, tout lavi’m m’ap renmen’w.

  3. 3. Mwen vle’w byen konnen jan’m santi’m,

    Lanmou’m gen pou ou pa nan manti.

    Mwen kontan’n te vle fè wout la ansanm,

    Mwen kontan jou’m te pran’w pou madanm.

    Wi, m’kontan.

    (REFREN)

    Maryaj nou tank’on kòd ki byen trese an twa,

    Lanmou’n ap grandi,

    Gen lajwa.

    Se Jewova k’ap gide’n, k’ap dirije nou.

    Ala bèl sa bèl dèske m’damou!

    E se ou m’damou,

    Se ou m’damou.

    Ala bèl sa bèl dèske m’damou!

    E se ou m’damou.