Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ak Jewova, nou fè youn

Ak Jewova, nou fè youn

Telechaje:

  1. 1. Monn nan gen gwo pwoblèm, gen divizyon.

    Moun toupatou sou latè, sou tansyon.

    Anpil moun ap goumen pou gen chanjman.

    Nou fòme yon fanmi ki kwè nan Bondye!

    (ANVAN REFREN)

    Donk, nou dwe koute Jewova,

    E’n pa dwe fè pati monn sa’.

    (REFREN)

    Lanmou parèt aklè nan chak sa’n fè,

    Li pouse’n bay bon nouvèl la.

    Nou viv lanmou ant frè’n ak sè’n yo.

    Menmsi’l klè nou diferan,

    Ak Jewova, nou fè youn.

  2. 2. Frè’n ak sè’n yo gaye sou tout latè,

    Nou fòme yon fanmi ki viv anpè.

    Se vre gen kè kase, men’n gen espwa

    Viv nan yon paradi ak kè kontan.

    (ANVAN REFREN)

    Donk, nou dwe koute Jewova,

    E’n pa dwe fè pati monn sa’.

    (REFREN)

    Lanmou parèt aklè nan chak sa’n fè,

    Li pouse’n bay bon nouvèl la.

    Nou viv lanmou ant frè’n ak sè’n yo.

    Menmsi’l klè nou diferan,

    Ak Jewova, nou fè youn.

    Nou fè youn.

    (ANVAN REFREN)

    Donk, n’ap andire ak lafwa

    E nou pap fè pati monn sa’.

    (REFREN)

    Lanmou parèt aklè nan chak sa’n fè,

    Li pouse’n bay bon nouvèl la.

    Nou viv lanmou ant frè’n ak sè’n yo.

    Menmsi’l klè nou diferan,

    Ak Jewova,

    (REFREN)

    Lanmou parèt aklè nan chak sa’n fè,

    Li pouse’n bay bon nouvèl la.

    Nou viv lanmou ant frè’n ak sè’n yo.

    Menmsi’l klè nou diferan,

    Ak Jewova, nou fè youn.