Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

M ka leve ankò

M ka leve ankò

Telechaje:

  1. 1. Mwen santi’m tris, m’lage pou kò’m, sa rèd anpil.

    Jewova, m’rive wè sa’m fè k’pa bon.

    Mwen santi’m kraze nèt, m’bezwen fòs pou’m kontinye.

    Mwen swaf rekòmanse sèvi’w toutbon.

    (REFREN)

    Mwen sonje sa’w te aprann mwen, wi, m’sonje yo vre,

    Verite’k nan Bib la s’on vrè trezò.

    Konsa, menmsi mwen bite, menmsi mwen tonbe,

    M’ka leve ankò.

  2. 2. Mwen konn ki moun ki renmen mwen,

    Ki deja bay prèv la:

    Y’ap sèvi Jewova toulejou.

    Pawòl ou se yon lanp ki fè’m wè wout pou’m vin jwenn ou.

    Sou wout lavi a mwen vle retounen.

    (YON TI DIPLIS)

    Tout kote m’ale, e tout sa mwen wè raple’m yon verite:

    Lafen an vin pi pre.

    (REFREN)

    O Jewova, Bon Papa, m’ap mande’w tanpri,

    Ede’m kouny’a, mwen vrèman bezwen sa.

    Ou konnen menmsi’m bite yon pakèt fwa,

    M’ka leve ankò.

    (YON TI DIPLIS)

    M’konnen Jewova konprann mwen; m’konn bezwen èd pou’m fè sa’k byen.

    Li konnen’m gen feblès, men’l wè sa lòt moun pa ka wè.

    Chak efò’m fè l’bay sa valè.

    (REFREN)

    Mwen pral nan Sal la pou’m ka rejwenn lanmou m’te pèdi a,

    M’ap tounen kot plas mwen ye a.

    Epi, menmsi mwen bite, menmsi mwen tonbe, m’ap leve ankò.

    M’ka leve ankò.