Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ak je lafwa

Ak je lafwa

(Sòm 27:13)

Telechaje:

  1. 1. Poukisa pou’m pè lyon an,

    Oswa nenpòt advèsè?

    Jewova kanpe toupre’m,

    Se li menm k’ap ede’m.

    Sa ban’m asirans, mwen pap pè.

    (REFREN)

    Ak je lafwa, m’wè monn fènwa sa’k prale.

    Ak je lafwa, m’pap pè anyen ankò.

    Piske Jewova avè’m, m’ap ret djanm, m’ap ret fèm.

    Mwen konnen nan men’l m’ap jwenn sipò,

    Ak je lafwa.

  2. 2. Gen bèl egzanp devan nou,

    Yon seri moun ki fidèl.

    Ak lafwa, y’andire.

    Avni yo asire.

    N’ap rewè yo, wi, sa pral bèl!

    (REFREN)

    Ak je lafwa, m’wè monn fènwa sa’k prale.

    Ak je lafwa, m’pap pè anyen ankò.

    Piske Jewova avè’m, m’ap ret djanm, m’ap ret fèm.

    Mwen konnen nan men’l m’ap jwenn sipò,

    Ak je lafwa.

    (YON TI DIPLIS)

    Ak je lafwa, mwen ka deplase mòn.

    Ak je lafwa, espwa’m sèten.

    Kote’m t’ap ye

    Si lafwa’m pa’t solid ase

    Pou’m andire san’m pa brannen?

  3. 3. Mwen wè jan demen ap bèl!

    Bondye pwomèt mwen sa.

    Mwen dwe rete fèm,

    L’ap aji an favè’m.

    Talè konsa, l’ap pot laviktwa.

    (REFREN)

    Ak je lafwa, m’wè monn fènwa sa’k prale.

    Ak je lafwa, m’pap pè anyen ankò.

    Piske Jewova avè’m, m’ap ret djanm, m’ap ret fèm.

    Mwen konnen nan men’l m’ap jwenn sipò,

    Ak je lafwa,

    Ak je lafwa.

(Gade tou Ebre 11:1-40.)