Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Bagay ki pi enpòtan yo

Bagay ki pi enpòtan yo

Telechaje:

  1. 1. Chak jou’n gen chwa pou nou fè, fò’n deside

    Jan n’ap sèvi ak tan’n nan sèvis Bondye.

    Se vre g’on tan pou’n ri, pou’n jwe ak zanmi’n,

    Men, sa pa dwe janm gen premye plas nan lavi’n.

    (REFREN)

    Nou bezwen rezève tan pou sa’k pi enpòtan:

    Priye, etidye, ret fidèl toutan.

    Aksyon’n ap montre Jewova reyèl pou nou.

    Voye jete tout sa’k jennen’n,

    Gade dwat devan nou, lafen an toupre,

    Toujou ret konsantre sou sa’k pi enpòtan.

  2. 2. Lavi a rèd anpil! Bil pou’n peye!

    Sa ka fè’n pa byen wè kote lafwa’n ye.

    Men, fanmi’n ap tann nou nan kay la.

    Si’n vle byen suiv pwogrè yo, si’n vle ba yo lebra,