Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Èske m ta dwe gen plis zanmi?

Èske m ta dwe gen plis zanmi?

 “M santi m alèz lè m nan klan zanmi m yo e li difisil pou m fè lòt zanmi.” — Alan.

 “Mwen gen yon ti gwoup zanmi, e m renmen l konsa. Mwen pa stil moun k ap mache al pale ak moun mwen pa konnen.” — Sara.

 Èske w santi w menm jan ak Alan oswa Sara? Èske w gen yon ti gwoup zanmi e w twouve l difisil pou w byen ak lòt moun?

 Si se sa, atik sa a se pou ou!

 Pwoblèm ki genyen avèk klan

 Pa gen anyen mal pou yon moun gen yon ti gwoup zanmi. Lè moun gen yon gwoup zanmi ki pwòch anpil avè l, sa ba l santiman li fè pati yon gwoup moun ki aksepte l jan l ye a.

 “Ou santi w byen lefètke lòt moun aksepte w e w fè pati yon gwoup. Lè w jèn, ou vle pou w menm jan ak lòt yo.” — Karen, 19 an.

 Èske w te konnen? 12 apot yo te fè pati gwoup zanmi Jezi te genyen, men te gen twa ladan yo, Pyè, Jak ak Jan ki te bon zanmi l. — Mak 9:2; Lik 8:51.

 Men, lè se ak yon ti gwoup zanmi sèlman ou toujou ye e w pa fè zanmi ak okenn lòt moun, sa ka bay pwoblèm. Pa egzanp:

  •   Sa ka anpeche w vin gen lòt bon zanmi.

     “Lè w fè zanmi ak moun ki menm jan avè w sèlman, sa anpeche w fè nouvo eksperyans e sa anpeche w vin konn yon seri moun ki estrawòdinè.” — Evan, 21 an.

  •   Sa ka fè w parèt kòm yon moun ki panse l se yon pakèt afè.

     “Lè w gen yon ti gwoup zanmi, ou ka bay enpresyon ou pa vle pale ak lòt moun.” — Sara, 17 an.

  •   Sa ka lakòz ou vin tonbe nan bay moun brimad tou.

     “Ou menm pèsonèlman, ou ka pap bay moun brimad, men si gwoup zanmi w ap fè sa, ou ka vin twouve se pa anyen oswa menm ou ka twouve l amizan.” — James, 17 an.

  •   Sa ka lage w nan pwoblèm, sitou si wè pa wè ou vle fè pati gwoup sa a.

     “Si yon sèl moun nan yon ti gwoup se yon move moun, li fasil pou tout gwoup la kòmanse fè move bagay.” — Martina, 17 an.

 Sa w ka fè

  •   Egzamine prensip ou genyen yo

     Mande tèt ou: “Ki prensip m ap fè efò pou m suiv nan lavi a? Èske zanmi m yo fè l fasil pou m suiv yo oswa èske yo fè l difisil pou m suiv yo? Èske m deside kenbe zanmi sa yo wè pa wè?

     Prensip biblik: “Move frekantasyon fè moun pèdi bon prensip yo genyen.” — 1 Korentyen 15:33, nòt.

     “Lè se moun ki pa gen menm prensip avè w ki fè pati gwoup zanmi w yo, ou ka vin tonbe nan fè yon seri bagay ou pa t ap janm fè.” — Ellen, 14 an.

  •   Egzamine sa k pi enpòtan pou ou

     Mande tèt ou: ‘Èske gwoup zanmi m tèlman pa vle byen ak lòt moun sa fè m dispoze pase sou prensip mwen yo pou m ka rete ladan l? Ki sa m ap fè si youn ladan yo fè yon move bagay?’

     Prensip biblik: “Mwen reprimande tout moun mwen gen afeksyon pou yo.” — Revelasyon 3:19.

     “Si yon moun nan gwoup ou fè yon bagay mal e si w twò fidèl avè l, ou ka gen enpresyon w ap trayi l si w di sa l fè a.” — Melanie, 22 an.

  •   Chèche gen plis zanmi.

     Mande tèt ou: ‘Èske l pa t ap bon pou m ta mete moun mwen pa byen konnen nan gwoup zanmi m yo?’

     Prensip biblik: “Pa chèche enterè pa nou sèlman, men [...] chèche enterè pa lòt moun tou.” — Filipyen 2:4.

     “Lè yon jèn pa popilè, petèt se kapab paske lavi a difisil pou li. Yonfwa w aprann konnen l, an jeneral, ou rann ou kont yo se moun ki enteresan nan fason pa yo.” — Brian, 19 an.

 Sa w dwe sonje: Pa gen anyen mal pou w gen yon ti gwoup zanmi. Anmenmtan tou, l ap bon pou ou si w chèche mete lòt moun nan gwoup la. Labib di: “Moun ki ankouraje lòt moun ap jwenn ankourajman.” — Pwovèb 11:25.