Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan m ka reyisi lekòl menm lè se lakay mwen m suiv kou yo?

Ki jan m ka reyisi lekòl menm lè se lakay mwen m suiv kou yo?

 Jodi a, gen anpil elèv lekòl ki suiv kou yo lakay yo. Si se ka pa w, ki jan w ka reyisi menm lè se lakay ou ou suiv kou yo? Men kèk konsèy ki ka ede w. a

 Senk konsèy pou ede w reyisi

  •   Chèche gen yon bon pwogram. Fè efò pou w gen yon bon woutin menm jan ak lè w te konn al lekòl la. Gen yon lè fiks pou w fè travay lekòl ou yo, yon lè pou w fè travay nan kay la ak yon lè pou w fè lòt bagay enpòtan. Lè sa nesesè, ou ka toujou fè ajisteman nan pwogram ou te fè a.

     Prensip Bib la bay: “Se pou tout bagay fèt [...] nan lòd.” — 1 Korentyen 14:40.

     “Planifye jounen w kòmsi w te lekòl la toutbon. Ou dwe gen yon lè pou w fè chak bagay.” — Katie.

     Fè yon ti reflechi: Sa k fè l t ap bon pou w gen pwogram ou te fè a sou lamen?

  •   Chèche gen disiplin. Yon fason w ka montre w gen matirite, se lè w fè sa w dwe fè a menm lè se pa sa w ta renmen fè. Pa di w a gentan!

     Prensip Bib la bay: “Se pou nou travay di, pa trennen nan travay nou.” — Women 12:11, nòt.

     “Pi gwo pwoblèm nan se disiplin. Li fasil pou w chèche eskiz e pou w di, ‘M a fè devwa a pita.’ Men, ou pa fè l vre, donk ou vin gen twòp travay pou w fè annapre.” — Alexandra.

     Fè yon ti reflechi: Ki jan sa ka ede w gen plis disiplin si w toujou fè travay lekòl ou nan menm kote a e nan menm lè a chak jou?

  •   Òganize yon espas pou w etidye. Mete tout sa w ap bezwen sou lamen. Òganize espas la yon fason pou w santi w konfòtab, men pa mete w twò alèz pou w pa anvi dòmi. Se travay ou vin travay, se pa dòmi w vin dòmi! Si l pa posib pou w gen yon espas sèlman pou w fè travay lekòl ou, petèt ou ka etidye nan kuizin nan oswa nan yon chanm pandan jounen an.

     Prensip Bib la bay: “Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li.” — Pwovèb 21:5.

     “Mete boul la ak jwèt videyo yo yon lòt kote, mete telefòn ou sou silans e mete gita a nan plas li. Pou w ka byen aprann, ou bezwen yon espas ki san distraksyon.” — Elizabeth.

     Fè yon ti reflechi: Ki chanjman w ka fè nan espas ou etidye a k ap pèmèt ou pi byen konsantre?

  •   Aprann konsantre. Konsantre sou sa w ap fè a olye pou w ap eseye fè plizyè bagay anmenmtan. Lè w eseye fè plizyè bagay anmenmtan, souvan l ap pran w plis tan pou w fè sa w ap fè yo e l ap pi fasil pou w fè erè.

     Prensip Bib la bay: “Se pou nou byen sèvi ak tan nou.” — Efezyen 5:16.

     “M pa t ka konsantre ditou lè m te konn gen telefòn mwen toupre m. M te konn gaspiye anpil tan san m pa reyalize anyen.” — Olivia.

     Fè yon ti reflechi: Èske tikras pa tikras ou ka eseye pase plis tan ap konsantre sou yon sèl travay?

  •   Pran poz. Al fè yon ti mache, monte bekàn ou oswa al fè egzèsis. Si w pase tan ap fè yon aktivite w renmen fè, sa ka fè w santi w pi motive. Men sa yon liv (School Power) fè konnen: “Fin fè tout travay ou anvan. W ap pi byen pwofite tan lib la si w fin fè tout sa w te dwe fè anvan.”

     Prensip Bib la bay: “Li pi bon pou yon moun pran yon ti repo olye l plede ap travay di e li kontinye ap kouri dèyè van.” — Eklezyas 4:6.

     “Nan anpil lekòl gen posiblite pou w aprann jwe yon enstriman mizik oswa aprann fè yon seri bagay atistik. Se lè m pa t ka fè bagay sa yo ankò m te rann mwen kont jan m te renmen yo. Li bon pou w gen yon lòt aktivite pou w fè apa de etidye.” — Taylor.

     Fè yon ti reflechi: Ki kalite poz ou bezwen pran pou w santi w pi motive lè w ap etidye?

a Gen plizyè fason pou w aprann menm lè se lakay ou ou ye. Sèvi ak sijesyon yo bay nan atik sa a k ap itil ou selon sitiyasyon pa w.