Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa m dwe konnen konsènan spò?

Ki sa m dwe konnen konsènan spò?

 Fè spò kapab bon pou ou men l kapab fè w ditò tou. Sa depann de sa w ap jwe a, fason w ap jwe e konbyen tan w pase ap jwe.

 Ki avantaj li genyen?

 Fè spò ka pèmèt ou gen bon sante. Bib la fè konnen “fè egzèsis fizik itil”. (1 Timote 4:8.) Men sa yon jèn gason ki rele Ryan fè konnen: “Fè spò se yon bon fason pou yon moun ret aktif, li pi bon lontan pase annik ret chita anndan yon kay ap jwe jwèt videyo.”

 Fè spò ka pèmèt ou travay ann ekip e l ka ede w gen metriz. Bib la konn sèvi ak egzanp ki baze sou spò pou l anseye yon pwen pozitif. Men sa l di: “Nan yon kous, tout moun kouri, men se yon sèl ki resevwa pri a.” Apre sa, li di: “Tout moun k ap patisipe nan yon konpetisyon metrize yo nan tout bagay.” (1 Korentyen 9:24, 25). Ki sa sa montre? Sa montre metriz ak kowoperasyon enpòtan pou yon moun respekte règ ki gen nan yon spò. Gen yon adolesan ki rele Abigail ki dakò ak sa. Men sa l di: “Fè spò aprann mwen ki jan pou m kowopere ak lòt moun ak ki jan pou m kominike ak yo.”

 Fè spò ka ede w gen zanmi. Nan yon jwèt, plizyè moun ka met tèt yo ansanm. Gen yon jèn ki rele Jordan ki di: “Prèske tout jwèt yo mande pou w fè konpetisyon, men, si w kontinye fè spò jis pou plezi, se ap yon bon fason pou w ret konekte ak zanmi w yo.”

 Ki danje li genyen?

 Sa w ap jwe. Bib la di: “Jewova egzamine ni moun ki jis ni moun ki mechan. Li rayi nenpòt moun ki renmen vyolans.” — Sòm 11:5.

 Gen kèk spò ki se vyolans toupi. Pa egzanp, men sa yon jèn fi ki rele Lauren fè konnen: “Nan bòks, tout sa k enpòtan se bat lòt moun nan. Antanke kretyen, nou pa nan goumen, donk, poukisa pou n ta lage kò n nan pran plezi gade moun k ap goumen youn ak lòt?”

 Fè yon ti reflechi: Èske w ap chèche jistifye tèt ou pou w jwe oswa gade spò ki vyolan paske w panse sa pap pouse w komèt zak vyolan? Si se wi, sonje pawòl nou jwenn nan Sòm 11:5 lan ki montre se pa sèlman moun k ap pratike vyolans Jewova rayi, men, li rayi moun ki “renmen vyolans tou.

 Fason w ap jwe. Bib la di: “Pa fè anyen nan polemik, ni paske nou vle bay tèt nou twòp enpòtans, men, avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou.” — Filipyen 2:3.

 Nòmalman, ap gen yon nivo konpetisyon nan nenpòt aktive ki mande pou gen ekip fasafas. Men, si tandans ou se fè tout sa w kapab pou w genyen, jwèt la pap gen okenn plezi ladan l. Men sa yon adolesan ki rele Brian fè konnen: “Ou ka vin gen lespri konpetisyon byen rapid. Plis ou fò nan yon spò se plis ou dwe travay pou w demontre imilite.”

 Fè yon ti reflechi: Gen yon jèn ki rele Chris ki fè konnen: “Chak semèn nou jwe foutbòl e toujou gen moun ki blese.” Donk, mande tèt ou: ‘Ki sa k fè l fasil konsa pou moun blese? Ki sa m ka fè pou m diminye risk pou gen moun blese?’

 Kantite tan w pase ap jwe. Bib la di: “Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” — Filipyen 1:10.

 Ou bezwen fikse priyorite; bagay espirityèl yo dwe vin an premye. Pifò jwèt yo ka pran anpil tan kit se ou k ap jwe a kit se gade w ap gade. Gen yon jèn fi ki rele Daria ki di: “Dabitid, manman m konn gen pwoblèm avè m konsènan kantite tan m konn pase ap gade jwèt nan televizyon alòske m te ka pi byen sèvi ak tan sa a.”

Yon moun ki ret konsantre twòp sou spò sanble ak yon moun ki met twòp sèl nan yon manje.

 Fè yon ti reflechi: Èske w konn koute lè paran w ap ba w konsèy konsènan sa k dwe pi enpòtan pou ou? Gen yon jèn fi ki rele Trina ki di: “Lè mwen menm ak frè ak sè m yo ap gade spò epi n neglije travay ki enpòtan yo, manman m konn fè n sonje y ap peye jwè yo kit nou gade kit nou pa gade. Li konn mande nou: ‘Men nou menm, kiyès k ap peye nou?’ Sa l vle di nou sèke: Jwè a deja gen yon travay. Men, si nou neglije devwa lekòl nou ansanm ak lòt responsablite yo, nou pap ka pran swen tèt nou alavni. Byen souvan, manman m konn di nou gade tele oswa jwe spò pa dwe bagay ki pi enpòtan nan lavi nou.”