Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan m ka evite krake?

Ki jan m ka evite krake?

 Èske w sou wout pou w krake? Si se wi, atik sa a kapab ede w!

 Rezon ki fè sa rive

  •   Twòp bagay pou w fè. Men sa yon jèn fi ki rele Julie di: “Nan tout domèn nan lavi a, tout moun ap di w se pou w vin pi bon, se pou w kontinye amelyore w, se pou w gen pi gwo objektif epi jwenn pi bon rezilta. Sa vrèman difisil pou w toujou anba presyon konsa!”

  •   Teknoloji. Avèk telefòn entèlijan yo, tablèt yo, ak lòt aparèy elektwonik yo, nou sanse konekte e disponib prèske 24 sou 24 e se yon sitiyasyon ki ka fè n strese, e rive yon lè nou kapab krake.

  •   Manke dòmi. Men sa yon jèn dam ki rele Miranda di: “Akoz lekòl, travay ak detant, anpil jèn leve bonè e yo dòmi ta, se kòmsi yo pa gen lòt solisyon. ” Byen souvan, sa lakòz moun krake.

 Poukisa sijè sa a enpòtan?

 Labib pale an byen de moun ki dilijan (Pwovèb 6:6-8; Women 12:11). Men li pa ankouraje moun travay jiskaske yo vin lakòz yo gen pwoblèm, tankou pwoblèm sante.

 “Gen yon lè, m te remake m te pase tout yon jounen san manje paske m te twò konsantre sou tout sa m te gen pou m fè. Mwen rann mwen kont li pa bon pou m kouri aksepte tout travay yo ban m fè, si sa ap mete byennèt mwen an danje.” — Ashley.

 Bib la gen rezon di: “Yon chen ki vivan pi bon pase yon lyon ki mouri.” (Eklezyas 9:4). Lè w fòse tèt ou fè anpil bagay, sa ka fè w panse ou gen menm fòs ak yon lyon, omwen pou yon ti tan. Men, travay jiskaske w krake kapab gen gwo konsekans sou sante w.

 Sa w ka fè

  •   Aprann di non. Bib la di: “Se moun ki konn limit yo ki gen sajès.” (Pwovèb 11:2). Moun ki gen imilite konn limit yo, e yo pa aksepte pran plis responsablite pase sa yo kapab jere.

     “Yon moun ki pa konn di non se youn nan premye moun ki kapab krake, paske l vle fè tout travay yo ba l fè. Sa montre li pa konn limit li. Donk, yon lè kanmenm, l ap krake.” — Jordan.

  •   Pran ase repo. Bib la di: “Li pi bon pou yon moun pran yon ti repo olye l plede ap travay di e li kontinye ap kouri dèyè van.” (Eklezyas 4:6). Yo di lè yon moun dòmi se manje li bay sèvo l, men pifò adolesan pa dòmi 8 oswa dis èdtan lannuit, kantite tan kò yo bezwen an.

     “Lè m te konn gen anpil travay pou m fè, m te konn gen tandans pa dòmi ase. Men pafwa, se inèdtan mwen te rete san dòmi an mwen te bezwen pou m te ka pi efikas e pou m pi kontan nan demen.” — Brooklyn.

  •   Byen planifye. Bib la di: “Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li.” (Pwovèb 21:5). Lè w aprann jere tan w ak aktivite w ap fè, se yon bagay k ap itil ou pandan tout vi w.

     “Ou ka evite anpil strès lè w itilize yon kanè pou w planifye. Paske, lè w gen yon pwogram devan je w, l ap pi fasil pou w wè ki kote ou bezwen fè ajisteman pou w pa krake.” — Vanessa.